Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Sekirite: Bandi Libere 4 Manm Legliz Advantis Yo Te Kidnape


Foto viktim kidnaping Jedi Sen an, manm Legliz Advantis: Steven Jérôme, enjenyè son; Francisco Dérival, kameraman; Pastè Audalus Estimé ak Welmyr Jean-Pierre, pyanis. (Foto: Gospel Kreyol Ministry).
Foto viktim kidnaping Jedi Sen an, manm Legliz Advantis: Steven Jérôme, enjenyè son; Francisco Dérival, kameraman; Pastè Audalus Estimé ak Welmyr Jean-Pierre, pyanis. (Foto: Gospel Kreyol Ministry).

Nouvèl ki sòti Pòtoprens fè konnen kidnapè lage 4 manm Legliz Avantis yo te anlve jou jedi premye avril pase a apre pèman yon ranson; pa gen presizyon sou valè kob ki bay la. Viktim yo, ki pale aprè liberasyon yo, fè konnen yo pa t konnen ki kote bandi yo te mennen yo, paske mesye yo te mete yon sak nan tèt yo chak. Yo ajoute kidnapè yo pa maltrete yo, men se pa t yon eksperyans ki fasil e yo byen kontan retounen sen e sòf nan mitan fanmi ak zanmi yo.

Foto viktim kidnaping Jedi Sen yo nan mitan fanmi ak zanmi yo. (Foto: Gospel Kreyol Ministry).
Foto viktim kidnaping Jedi Sen yo nan mitan fanmi ak zanmi yo. (Foto: Gospel Kreyol Ministry).

Tout viktim yo se manm yon gwoup mizikal Legliz Advantis ki rele Gospel Kreyòl Ministry. Maestro group la, Doktè Grégaire Figaro ki te pale ak laprès aprè kidnaping nan, te bay detay sou idantite 4 manm yo: Pastè Audalus Estimé, Welmyr Jean-Pierre, pyanis gwoup la, Francisco Dérival, kameraman, avèk Steven Jérôme, ki se enjenyè son gwoup la. Tou le 4 jwenn liberasyon yo vè minui jounen dimanch 4 avril 2021 an.

XS
SM
MD
LG