Accessibility links

Breaking News

Kiba Rejte, yon Fwa Ankò, Akizasyon deske Otorite yo Lanse Atak Medikal sou Diplomat Ameriken nan La Avàn


Anbasad Lèzetazini nan Kiba
Anbasad Lèzetazini nan Kiba

Nan Kiba, otorite ki tap mennen ankèt sou akizasyon diplomat ameriken nan peyi a pote pou di kòmkwa yo ta viktim yon aparèy dekout pandan yo nan La Avàn, ebyen, otorite kiben sa yo di yo konsidere akizasyon sa a kòm yon syans fiksyon e yo akize Lèzetazini li komèt kalomni sou peyi yo.

Daprè otorite nan 3 depatman ministeryèl kiben ak yon doktè ki te nan tèt ankèt la, fè ajans nouvèl Reuters konnen Kiba pa posede ekipman konsa e yo demanti posiblite pou gouvènman an ta itilzie yon aparèy konsa san sa pa afekte sante lòt moun oubyen atire atansyon. Anketè yo ajoute yo pat jwenn otorizasyon pou yo fè tès sou diplomat ameriken ki afekte yo.

Anketè Depatman Enteryè kiben an, Oberto Hernandez, ki pale ak Reuters, deklare:

“Nou pat an mezi pou n pwouve ke yon ensidan konsa rive tout bon, menm jan nou pa rive pwouve ke son nou teste a kapab afekte sante yon moun.”

Ni La Mezon Blanch, ni Depatman Deta poko reyaji sou nouvèl Reuters bay la.

XS
SM
MD
LG