Accessibility links

Breaking News

US-Diplomasi: Depozisyon nan Sena a sou Diplomat Ameriken ki te Malad nan Kiba


Anbasad Lèzetazini nan Kiba
Anbasad Lèzetazini nan Kiba

Sekretè deta ameriken an, Rex Tillerson, ap mete sou pye yon komite pou fè limyè sou responsablite moun ki ta mele nan atak sou sante 24 diplomat ameriken ki te an pòs nan Kiba. Se sa Depatman Deta anonse nan jounen madi 9 janvye 2018 la.

Pandan yon seyans depozisyon ki dewoule sou atak la nan Kongrè a, senatè nan tou le 2 pati yo (Demokrat tankou Repibliken) pat mete dlo nan bouch yo pou yo kritike ofisyèl Depatman Deta pou sa yo konsidere kòm reyaksyon maladwat e innapwopriye devan sa Misye Tillerson rele "yon seri de atak sible."

Sekretè Deta ameriken an, Rex Tillerson.
Sekretè Deta ameriken an, Rex Tillerson.

Ensidan sa yo te lakoz diplomat Lèzetazini yo ak lòt anplwaye ameriken ki te nan La Avàn, soufri ak malèz tankou yo te vin soud, yo te santi yo gaga, yo te gen maltèt ak fatig. Kiba di li pa gen anyen pou wè ak sitiyasyon sa a. Apre ensidan yo, Lèzetazini te raple anpil nan anplwaye anbasad la ki pat esansyèl ak tout manm fanmi yo, epi Depatman Deta a te mande 15 diplomat kiben kite tèritwa ameriken an.

XS
SM
MD
LG