Verite sou tanbou mèkredi 7 jiyè a, se lè Almay ap rankontre Espay nan dènye rankont semi final koup dimond Afrik di Sid la. Yon rankont ki raple final Ewo 2008 la ke Espay te ranpòte. Venkè rankont sa a ap rankontre la Oland ki pase Irigwe yon swif 3 a 2 pou l kalifye final la k ap jwe dimanch 11 jiyè a. Olandè yo ap patisipe pou la 3èm fwa nan final yon koup dimond. Olandè yo te pèdi devan Almay an 1974 epi devan Arjantin an 1978. Samdi Irigwe ap rankontre pèdan rankont Almay/Espay la.
Almay déjà ranpòte koup dimond la 3 fwa alòske Espay poko janm ranpòte twofe a. Almay ap pase devan Brezil kòm peyi ki jwe plis match koup dimond ak yon total 98 rankont ak posibilite pou jwe yon 99èm swa pou final la ou byen pou yon 3èm plas la. Almay déjà patisipe nan 7 final koup dimond.
Alman yo ap patisipe nan 11èm semi final yo. Yo ranpòte yon total 59 rankont, yo fè 19 match nil e pèdi 19 rankont. Brezil bò kote pa l ranpòte 67 rankont, yo fè 15 match nil epi pèdi 15 rankont pou yon total 97 match. Alman yo, ki pat envite pou patisipe nan koup dimond 1950 la, make 103 gòl e yo ankese 114 pandan ke Brezil make 211 e ankese 88 gòl.
An 4ièm pozisyon nou jwen Itali ki ranpòte koup dimond la 4 fwa. Italyen yo jwe 80 rankont, ajantin klase 4ièm ak yon total 70 epi angletè jwe yon total 59 rankont.
FIFA fè konnen kantite moun ki asiste koup dimond la kapab depase 3 milyon apre semi final Almay/ Espay la. FIFA di 2 milyon 997 mil fanatik déjà asiste 61 rankont depi lè Koup dimond la kòmanse. Chif k ap klase Afrik di Sid an 3èm pozisyon dèyè Etazini ki te akeyi koup dimond la an 1994 epi Almay an 2006. Yon demi milya telespektatè pral swiv seremoni an, kap dire 30 minit, e kap retransmèt nan 215 peyi. Sipè vedèt Kolonbyèn Shakira ap pami meyè chantè ak mizisyen afriken k ap patisipe nan wonble a.
La près nan la Oland salye viktwa seleksyon Oranj la. Jounal Daily Telegraf di viktwa a gen sant lò. Jounal yo pibliye foto jwè kap selebre chak gòl Olandè yo make pandan rankont fas ak irigwe. Yon lòt jounal ekri an grann manchèt pou di finalman oranj yo nan final apre 32 zan.
Yon lòt kote, otorite yo nan Gana pral òganize yon parad pou jwè seleksyon an epi peye yo chak 20 mil dola pou kalifikasyon yo nan kar de final koup dimond Afrik di Sid la. Chak manm ekip teknik la ap resevwa 10 mil dola.
Foutbolè entènasyonal fransè Patrick Vieira fè konnen li pa enterese jwe nan seleksyon franse a ankò. Vieira di li pral depanse tout enèji l nan klub anglè Manchester City.