“Pèp Ayisyen an merite yon gouvènman ki sòti nan eleksyon.” Se deklarasyon Sekretè Deta Lèzetazini an, John Kerry, fè nan yon entèvyou li bay estasyon televizyon WPLG, afilye chèn televizyon ABC nan Miami nan jounen jedi 14 avril pase a. Pandan misye Kerry tap pale ak repòtè politik estasyon an, Michael Putney, li fè konnen:
“Kite m pale klè kou dlo kòk pou m di: Aktè ayisyen yo -swa dizan lidè ayisyen yo- fèt pou yo konprann genyen yon limit klè nan pasyans ak volonte kominote entènasyonal la pou li aksepte pou moun ap ranvwaye pwosesis la. Pèp Ayisyen an merite genyen yon gouvènman eli e li merite genyen li kounyela a menm.”
Chèf diplomasi amerikèn nan pale konsa apre li te fin fè yon diskou nan yon seremoni kote etidyan tap resevwa distenksyon nan Inivèsite Miami Dade la. Nan diskou sa a misye Kerry te abòde pwen cho kap domine aktyalite a atravè kontinan ameriken an.
Avoka militan e nalis politik Osner Févry, ki di ki jan Ayisyen yo dwe konprann deklarasyon Sekretè Deta Kerry a, fè konnen yon diplomat ameriken, kanadyen ou fransè dwe defann enterè peyi li; se Ayisyen ki pou defann enterè nasyon yo.