Accessibility links

Breaking News

KEP a Ap Pibliye Jodi a Lis Kandida Pou Eleksyon Prezidansyèl Novanm nan


Konsèy Elektoral Powvizwa a genyen pou l pibliye madi 17 out 2010 la lis kandida ki kalifye, daprè yon tribinal elektoral, pou patisipe nan eleksyon prezidansyèl ki pral dewoule le 28 novanm nan. N ap raple ke KEP a fè konnen gen 34 kandida ki enskri pou yo patisipe nan kous la.

Responsab yon pati politik di li prale ann apèl ak desizyon Biwo Kontansye Elektoral la pran pou l ekate kandidati yon ansyen manm gouvènman an.

Yon lòt kote, Komisyon Enterimè pou rekonstriksyon Ayiti a, ap reyini madi 17 out la nan Pòtoprens pou li planifye aksyon li pral poze pandan mwa k ap vinn la yo. Se 2èm rankont manm komisyon an ki gen kòm ko prezidan premye minis ayisyen an Jean Max Bellerive avèk ansyen prezidan ameriken Bill Clinton, anvwaye espesyal Sekretè Jeneral L'ONU an ,Ban Ki-moon, ann Ayiti.

Nan Plato Santral la, pi presizeman nan rejyon Mayisad, popilasyon an ap plenyen pou di yo pa jwenn bon jistis nan men responsab tribinal yo. Daprè moun k ap viv nan lokalite a, jistis la ap vann kou pwovizyon ki nan mache.

Nan Latibonit, reprezantan sektè komès ak endistri a lanse apèl bay otorite yo pou mande yo pran dispozisyon ki nesesè pou yo evite dezòd politik pete nan peyi a nan okazyon dewoulman eleksyon yo. Yon òm dafè ki pale ak korespondan Lavwadlamerik nan Gonayiv, di li menm ak kòlèg li yo lanse apèl sa apaske eksperyans montre lè gen dezòd politik, se sektè komèsyal la ki plis viktim.

Korespondan nou yo atravè Ayiti devlope nouvèl sa yo pou nou.

Klike sou ikòn MP3 ki anwo e adwat atik sa a pou w koute repòtaj VOA kreyòl pou jounen 17 out 2010 la

XS
SM
MD
LG