Accessibility links

Breaking News

O Kenya: Repriz Eleksyon yo Dewoule nan Lese Frape ant Lapolis ak Patizan Opozisyon an


Patizan opozisyon an kap voye wòch sou polis anti emet yo nan Kibera Slums, Nairobi, Kenya, jedi 26 oktòb 2017.
Patizan opozisyon an kap voye wòch sou polis anti emet yo nan Kibera Slums, Nairobi, Kenya, jedi 26 oktòb 2017.

Nan peyi Kenya, repriz eleksyon prezidansyèl yo dewoule jounen jedi 26 oktòb 2017 la malgre apèl opozisyon an te lanse pou mande pèp la boykote vòt la

Nouvel yo pale de mouvman pwotestasyon ak zak vyokans patizan opozisyon an koze nan kèk biwo vòt e te gen lese-frape ant lapolis ak manifestan. Sanble dènye patisipasyon elektora a pi ba pase jan sa te ye nan premye tou eleksyon an ki te dewoule nan dat 8 daout pase a.

Se 2èm fwa Prezidan sòtan an, Uhuru Kenyatta, ap eseye jwenn yon re-eleksyon apre kou siprèm Kenya a te anile viktwa li te ranpote nan premye tou a, akoz sa gran jij yo konsidere kom "iregilarite ak illeglite" ki sanble te genyen nan piblikasyon rezilta yo.

Lidè opozisyon an, Raila Odinga, te mande patizan li yo bòykote vòt la, apre otorite yo te rejte demand li te fè pou yo relanse pwosesis la epi ranplase manm komisyon elektoral la.

XS
SM
MD
LG