Accessibility links

Breaking News

Afrik: O Kenya, Lidè Pati Opozisyon an Di li Pa Aksepte Rezilta Eleksyon yo


Kandida pati opozisyon an pou pòs prezidan o Kenya, Raila Odinga, pandan li tap bay yon konferans pou laprès nan Nairobi, Kenya. 9 out 2017.
Kandida pati opozisyon an pou pòs prezidan o Kenya, Raila Odinga, pandan li tap bay yon konferans pou laprès nan Nairobi, Kenya. 9 out 2017.

Nan peyi Kenya , lidè opozisyon an, Raila Odinga, deklare pirat sou entènèt te fè anpil fwòd sou òdinatè komisyon elektoral la, e kòm rezilta, dekont vwa yo pou eleksyon prezidansyel ki fèk dewoule nan peyi a montre li byen lwen dèyè Prezidan Uhuru Kenyatta.

Sit Entènèt Komisyon Elektoral Endepandan an montre, nan mitan Jounen mèkredi 9 out 2017 la, nan moman responsab yo fin konte 94 pousan bilten yo, Prezidan Kenyatta ki ale dèyè yon 2èm manda. -- ap mennen ak 54 pousan vwa yo kont 45 %.

Prezidan konsèy elektoral la, Wafula Che-bukati, deklare li pa konnen si pirat te antre sou sit entènèt komisyon an pou jwe ak rezilta yo, men li pral ouvè yon ankèt sou sa.

XS
SM
MD
LG