Accessibility links

Breaking News

Kè-Sote Kontinye Afekte Pri Aksyon yo sou Mache Mondyal la


Kè-Sote Kontinye Afekte Pri Aksyon yo sou Mache Mondyal la
Kè-Sote Kontinye Afekte Pri Aksyon yo sou Mache Mondyal la

Sou mache mondyal la, pri aksyon yo kontinye pèdi sou vale yo pou yon 2èm jounen youn apre lòt akoz kè-sote ki makònen ak mank pwogrè nan kwasans ekonomik la Ozetazini, plis kriz dèt k ap devlope sou kontinan ewopeyen an. O Japon endis machedlabous la, Nikkei la, sibi yon bès 2,2% --swa nivo ki pi ba a depi mwa novanm 2009, tandiske obsèvatè yo konstate menm bès la nan lòt peyi sou kontinan azyatik la kote se konpayi ki fabrike pwodui pou enpòtansyon yo ki anrejistre pi move pèt yo.

Pou sa ki konsène sitiyasyon ekonomik la Ozetazini ak lòt kote sou planèt la, Prezidan Bank Mondyal la, Robert Zoellick, fè konnen li kwè lemond pral evite tonbe nan yon lòt depresyon. Misye Zoellick pale konsa madi 6 septanm 2011 la nan yon konferans pou laprès li bay nan Singapour kote l ap asiste yon konferans ekonomik.

Absans pwogrè nan kwasans ekonomik la Ozetazini ak kriz dèt ki afekte mache yo sou kontinan ewopeyen an rete trè prezan nan lespri patisipan yo –san bliye misye Zoellick, ki di:

“Mwen pa panse Lèzetazini ak lemond pral tonbe nan yon lòt resesyon; men nou genyen anpil dout sou sa lavni ap pote. Daprè mwen, pou sa ki gen rapò ak ekonomi amerikèn nan, gen bon jan chans pou n wè kwasans ekonomik la kontinye trennen, yyon bon jan chans pou to chomaj la kontinye monte; men, rezon ki fè mwen menm ak kèk lòt moun (tankou Christine Lagarde) nou ensiste sou evennman k ap dewoule nan Ewo Zòn nan, se paske sa kapab genyen yon efè domino toupatou nan lemond.”

Nan yon mesaj misye Zoellick mete devan konferans ekonomik Sengapour la, li deklare Lèzetazini kapab rasire mache entènasyonal la si li pran dispozisyon pou l ralanti ogmantasyon dèt li, olye li fè gwo soustraksyon nan depans nasyonal li yo. Prezidan Bank Mondyal la fini pa di ekonomi k ap devlope sou kontinan azyatik la kapab pote kontribisyon pa yo tou si yo envesti plis nan peyi ki sou wout devlopman yo.

XS
SM
MD
LG