WASHINGTON, DC —
Kèk gwoup kap defann dwa moun, ak yon pakèt palmantè ameriken ak jeneral retrete ansanm ak ansyen anbasadè fè konnen yo gen pwoblèm ak pozisyon Prezidan Donald Trump kap defann Prezidan ris la Vladimir Putin.
Nan yon entèvyou ki parèt dimanch 5 fevriye 2017 la sou chèn televizyon FOX anvan match Supet Bowl la, Msye Trump te repete ke li respekte Mesye Putin. Lè Bill O’Reilly te kalifye prezidan ris la kòm yon asasen, Prezidan ameriken Donald Trump te reponn: “Nou gen anpil asasen. San panse? Eske peyi nou an inosan anpil?”