Accessibility links

Breaking News

Eta Kawolin Dinò Trennen devan Lajistis Gouvènman Federal Prezidan Obama ap Dirije a


Gouvènè Eta Kawolin Dinò a, Pat McCrory (4 me 2016 la)
Gouvènè Eta Kawolin Dinò a, Pat McCrory (4 me 2016 la)

Eta Kawolin Dinò asiyen devan lajistis gouvènman federal ameriken an lendi pou defann lwa li adopte e ki entèdi "gason ki abiye ak rad fi (moun yo rele "travesti yo" sèvi nan menm twalèt piblik ak medam yo, men okontrè pou yo ale pito nan twalèt "gason"..
Depatman Jistis Lèzetazini te fè konnen semèn pase "lwa Eta Kawolin Dinò a pase anba pye dwa sivik fondalmantal moun sa yo". Li te bay Gouvènè Kawolin Di Nò a, Pat McCrory, ak systèm Inivèsitè Deta (ki pa koute senk kòb) jouk fen jounen lendi 9 me a "pou l korije, redrese, sitiasyon an". Men olye li kite tonbe lwa a--ki kreye anpil pawòl-anpil--misye McCrory asiyen gouvènman federal la pou l kapab kontinye aplike mezi a lakay li. Gouvènman Federal la tou, reyaji e li asiyen bò pa l , Kawolin Dinò .

XS
SM
MD
LG