Accessibility links

Breaking News

Prezidan Trump Defann Jij Kavanaugh, Kandida pou yon Plas nan Kou Siprèm nan


Brett Kavanaugh, kandida pou yon plas nan Kou Siprèm Lèzetazini an, pandan li t ap tan poul fè depozisyon li devan Komisyon Jiridik Sena a, nan Kongrè ameriken an nan Washington. (Foto: 6 septanm 2018).
Brett Kavanaugh, kandida pou yon plas nan Kou Siprèm Lèzetazini an, pandan li t ap tan poul fè depozisyon li devan Komisyon Jiridik Sena a, nan Kongrè ameriken an nan Washington. (Foto: 6 septanm 2018).

Prezidan ameriken an, Donald Trump, deklare mèkredi 19 septanm 2018 la “li trè difisil” pou l aksepte pawòl k ap di kandida pou yon plas nan Kou Siprèm nan, Brett Kavanaugh, ki gen 53 zan, te komèt yon atak seksyèl sou yon jenn-fi ki potko gen 20 tan sa gen 30 tan alòske yo tou le 2 te nan lise. Daprè dam ki lanse akizasyon sa a, tantativ kadejak la te lakoz li pè pou lavi li. Non dam nan, ki gen 51 lane, se Christine Blasey Ford; kounye a li se pwofesè sikoloji nan Inivèsite Kalifòni.

Prezidan Trump di li espere akizatris sa a va deside al fè depozisyon li nan yon seyans ki gen pou dewoule lendi 24 septanm pwochen devan Komisyon Afè Jiridik Sena a. Se komisyon sa a kap analize dosye Misye Kavannaugh kòm kandida pou yon plas li ka okipe a-vi nan pi gwo tribinal peyi a. Misye Trump deklare:

“Mwen ta renmen wè manmzèl; mwen ta renemn wè kisa li gen pou l di. E se t ap trè regretab si li deside pa prezante.”

Byen ta nan jounen madi 18 septanm nan, avoka k ap defann madam Ford la te fè konnen kliyan li a mande pou FBI mennen yon ankèt sou akizasyon li pote yo anvan li prezante devan komisyon senatorial la pou l bay temwayaj li. Sepandan Prezidan Trump avèk palmantè repibliken ki kontwole komisyon an fè konnen yon ankèt FBI pa p nesesè.

Jij Kavannaugh, ki anonse li pral reponn prezan nan seyans la, pale avèk fòs pou l di li pa menm okouran de fèt sa a ki te dewoule nan yon kay nan banlye vil Washington, nan ane 1982; e li sèmante li pa janm atake seksyèlman okenn fi nan vi li.

Prezidan Donald Trump fè konpliman pou Juj Brett Kavannaugh ki, daprè li, se “yon nonm ektrawòdinè”. Sepandan lidè ameriken an di se Sena a ki gen pou deside kijan li pral avanse avèk pwosesis konfimasyon an.

XS
SM
MD
LG