Accessibility links

Breaking News

Sena Ameriken an Pare pou Vote sou Nominasyon Jij Kavanaugh la


Komisyon Afè Jiridik Sena a ki t ap travay sou nominasyon Jij Brett Kavanaugh la sou Kapitòl la nan Washington, nan dat 28 sept. 2018 la.
Komisyon Afè Jiridik Sena a ki t ap travay sou nominasyon Jij Brett Kavanaugh la sou Kapitòl la nan Washington, nan dat 28 sept. 2018 la.

Ozetazini, kandida pou yon plas nan Kou Siprèm nan, Jij Brett Kavanaugh, twouve l nan etap final efò k ap fèt pou l okipe plas Jij Anthony Kennedy kite vid nan pi gwo tribinal peyi a. Anvan dènye vòt ki pral fet nan Sena a sou nominasyon an e ki fikse pou samdi 6 oktòb 2918 la, manm Gran Kò a pral òganize vandredi yon vòt de fòmalite ki, an Pratik, pral mete fen nan tout deba sou dosye a.

Jij Brett Kavanaugh.
Jij Brett Kavanaugh.

Pandan Prezidan Donald Trump t ap patisipe nan yon meeting-de-mas nan Eta Minnesota jedi, li pale pou l fè konprann Demokrat yo ap peye sa trè chè poutèt yo kanpe ankwa devan nominasyon Jij Kavanaugh la. Prezidan an di foul la:

<<Tou sa nou gen pou n fè, se gade tou senpleman rezilta sondaj yo pandan 3 a 4 jou ki pase yo; yo fè n wè rezistans anraje yo a kòmanse gen move konsekans pou yo -move konsekans nan yon nivo moun pa t janm wè anvan. >>

Ansyen Jij Kou Siprèm nan, John Paul Stevens.
Ansyen Jij Kou Siprèm nan, John Paul Stevens.

Yon ansyen jij nan Kou Siprèm nan, John-Paul Stevens -ki te apiye nominasyon Kavanaugh la jous nan jou ki fèk pase yo- fè konnen kounye a kandida a pa merite yon plas nan tribinal ki pi enpòtan nan peyi a. Jij Stevens, ki t ap pale devan yon sal ranpli moun nan vil Boca Raton, nan Eta Florid, deklare:

<<Mwen pa kwè Kavanaugh gen tanperaman ki nesesè pou l okipe fonksyon sa a lè m konsidere jan li te konpòte l ak senatè yo --ton vwa li lè l t ap pale avèk yo pandan li t ap fè deposizyon sou akizasyon ki di li te komèt yon atak seksyèl la. >>

Daprè nouvèl ki sòti nan Kongrè ameriken an, premye vòt fòmalite a pral dewoule vandredi a 10:30AM, lè Washington, lè Ayiti.

XS
SM
MD
LG