Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Plizyè Eli Lokal Reklame Patisipasyon yo nan Pwogram Karavann Chanjman Prezidan Jovenel Moïse la


Yon nonm ki kenbe yon foto atizanal nan men li ki montre Prezidan ayisyen an, Jovenel Moïse. 7 Fevriye 2017. Foto: Reuters / Andres Martinez Casares.
Yon nonm ki kenbe yon foto atizanal nan men li ki montre Prezidan ayisyen an, Jovenel Moïse. 7 Fevriye 2017. Foto: Reuters / Andres Martinez Casares.

Yon gwoup majistra nan Sid peyi a mande pouvwa santral la pou entegre yo nan travay Karavan Chanjman an ap fè nan depatman an. Gwoup majistra sa yo di pwoblèm yo diferan de yon zòn ak yon lòt. Majistra vil Okay la Jean Gabriel Fortune ki pa fè pati gwoup majistra yo, kwè Karavann nan dwe revize estrateji l soti nan yon depatman rive nan yon lòt. Majistra Fortune te reponn kesyon Jean Robert Philippe.

Deklarasyon Majistra vil Okay la, Jean Gabriel Fortune, nan mokwo Jean Robert Philippe
please wait

No media source currently available

0:00 0:02:10 0:00

Yon lòt kote, Minis Enteryè ak Kolektivite Teritoryal la, Max Rudolph Saint Albin, rankontre ak eli lokal yo nan Depatman Nòdwès peyi a pou tande doleyans yo. Korespondan Lavwadlamerik nan Pòdepè, Dieuseul Junior Louis vin ak yon repòtaj nan odyo a ki anba tèks la.

Klike sou lyen odyo a pou w tande repòtaj Dieuseul la.

Yon repòtaj Dieuseul Junior Louis depi vil Pòdepè
please wait

No media source currently available

0:00 0:00:58 0:00

XS
SM
MD
LG