Isit Ozetazini, kantite moun ki ranpli aplikasyon pou resevwa lajan chomaj bese semèn sa a, men pa ase pou montre yon mache travay an bòn sante.
Nan yon rapò depatman travay la fè parét jedi 2 septanm nan, montre demand inisyal moun ki o chomaj yo bese a 6 mil pa rapò a kantite total pou tout nasyon an ki se 471 mil.
Pandan péryod resesyon an, konpayi amerikèn yo te voye anplwaye yo ale pou yo te ka koupe sou depans yo, sa ki te ogmante pwodiktivite yon sèl anplwaye.
Men, daprè rapò depatman travay la, pwodiktivite anplwaye ameriken yo te bese pou l rive nan yon to anyèl 1,8% ant mwa avril ak jen ane sa a.