Accessibility links

Breaking News

Kanpay Vaksinasyon COVID-19 pou Timoun yo Byen Komanse, Men ka Gen Defi


Leo Hahn, 11 zan pran premye piku Pfizer kon COVID-19 la, Madi 9 Nov. 2021.
Leo Hahn, 11 zan pran premye piku Pfizer kon COVID-19 la, Madi 9 Nov. 2021.

Kanpay pou vaksinen timoun yo Ozetazuni byen derape, dapre sa responsab la sante yo di Mekredi. Sepandan, ekspè la sante yo di gen siy ki monre lap difisil pou mentni momentom sa a.

Apepre 900,000 timoun ki gen ant 5 ak 11 zan ap resevwa premye doz piku COVID-19 la, premye semèn yo vinn elijib pou resevwa'l, dapre Lamezonblanch.

Gen 20,000 famasi, klinik ak biwo medikal kap ofri vaksen yo. Te gen yon pakèt demann pou komanse - jan responsab yo te atann ni, paske anpil paran te fè aranjman pou pitit yo pran piku a anvan fèt yo. Sepandan demann nan taka diminye, menm jan sa te rive lè vaksen an te vinn disponib pou adolesan yo pi bonè ane sa a.

Enfomasyon pou repotaj sa a soti nan Associated Press

XS
SM
MD
LG