Accessibility links

Breaking News

Ansyen Vis Prezidan Joe Biden Ankese Anpil Atak nan 2èm Deba li Kòm Kandida Demokrat


Kandida ki te nan deba 31 jiyè 2019 la (de goch adwat): Sen. Michael Bennett, Sen. Kirsten Billibrand, ansyen minis lojman Julian Castro, Sen. Cory Booker, ansyen V. P. Joe Biden, Sen, Kamala Harris, Andrew Yang, Dep. Tulsi Gabbard, Gouv. Jay Inslee ak Majistra Bill Deblasio.
Kandida ki te nan deba 31 jiyè 2019 la (de goch adwat): Sen. Michael Bennett, Sen. Kirsten Billibrand, ansyen minis lojman Julian Castro, Sen. Cory Booker, ansyen V. P. Joe Biden, Sen, Kamala Harris, Andrew Yang, Dep. Tulsi Gabbard, Gouv. Jay Inslee ak Majistra Bill Deblasio.

Ozetazini, ansyen vis prezidan demokrat Joe Biden tonbe nan konfwontasyon avèk lòt kandida a la prezidans pati a nan sware mekredi 31 jiyè 2019 la sou divès dosye tankou, pa egzanp, swen sante, imigrasyon, kriminalite ak ras nan moman advèsè li yo t ap eseye dezekilibre l kòm kandida ki devan nan sondaj yo e ki pi byen plase pou wete Prezidan Donald Trump nan La Mezon Blanch aprè eleksyon novanm 2020 an.

Pandan misye Biden t ap fè premye deklarasyon l nan ouvèti deba yo ki t ap dewoule nan oditoryòm Sant Endistriyèl Sant-Wès la nan vil Detwa, nan Eta Michigan, li fè konnen: “Mwen poze kandidati mwen pou plas prezidan an yon fason pou m geri nanm peyi a.”

Senatè Cory Booker (D-NJ) ki t ap atake Joe Biden nan deba 31 jiyè a.
Senatè Cory Booker (D-NJ) ki t ap atake Joe Biden nan deba 31 jiyè a.

Sepandan lè Joe Biden t ap fin bay opinyon li sou yon plan refòm sistèm swen sante a youn nan advèsè li yo, Senatris Eta Kalifoni, Kamala Harris, pwopoze semèn sa a, li di se yon plan ki lage konfizyon nan tèt elektè yo. Madam Harris, ki te kanpe tou pre M. Biden, te replike:

“Plan an lage konfizyon nan tèt ou paske ou poko menm li li."

Misye Biden rejte plan Madam Harris la menmsi li jwenn apui anpil lòt kandida paske, daprè li, se yon plan ki mande gwo chanjman nan sistèm nasyonal ki egzite jounen jodi a, an palan de sistèm Obama Care la ki, pou Joe Biden, “ta merite jwenn sipò tout kandida demokrat menmsi se pou yo ta pote amelyorasyon ladan l...” Ansyen Vis Prezidan an ajoute:

« Pou m pale kare, pou m pale an tout franchiz, kite m di ou pa kapab bat Prezidan Trump si ou nan vire-lang ou, si ou pa pran yon pozisyon fiks sou dosye sa a. »

Kongrè a te apwouve Obama Care la an 2010 pandan Joe Biden te 2èm sitwayen ameriken apre Prezidan Barack Obama. Men Senatris Kamala pa mete dlo nan bouch li pou l reponn Misye Biden. Madam Harris deklare :

Joe Biden ki t ap reponn yon atak Senatris Kamala Harris (D-Kal.).
Joe Biden ki t ap reponn yon atak Senatris Kamala Harris (D-Kal.).

" Mwen panse ou ta dwe reflechi byen sou sa w ap di; ou ta dwe reflechi pou w konnen pèp ameriken an bezwen gen aksè ak swen sante e li pa ta renmen pou pri a tèlman chè, li pa kapab jwenn swen li bezwen an. "

Senatris Eta New York la, Kristen Gillibrand, li-menm tou, te lanse kèk bon flèch sou ansyen Vis Prezidan an. Madam Billibrand di :

« Pi fò fanm oblije travay pou yo pran swen pitit yo. Anpil fanm gen pou yo travay pou yo ede kominote yo. Se sa w te di; alòs se swa ou pa kwè sa jounen jodi a oubyen ou pa t vrèman kwè nan sa lè w t ap di l la.

Joe Biden te reponn :

<< Mwen se yon moun ki te mele jous nan kou nan defans amandman konstitisyonèl ki mande pou fanm ak gason touche menm kòb pou menm travay. Mwen te enplike nan tout bagay sa yo. Se mwen menm ki te vini ak pwopozisyon sa a pou wè si medam yo te kapab resevwa yon trètman pi desan sou konpis inivèsite yo. Ou te vini avèk mwen sou kanpis Inivèsite Syracuse la kote w te di : « Ala bèl bagay lè fanm yo resevwa yon tretman egal… ! » Kounyela a ou chanje opinyon paske tou senpleman ou se yon kandida a la prezidans…>>

Yon gwo plan sou Teyat Fox la, nan vil Detwa, Eta Michigan, kote deba kandida demokrat yo te dewoule madi 30 ak mèkredi 31 jiyè 2019 la.
Yon gwo plan sou Teyat Fox la, nan vil Detwa, Eta Michigan, kote deba kandida demokrat yo te dewoule madi 30 ak mèkredi 31 jiyè 2019 la.

Lè kandida demokrat yo pa t ap lanse ti toya youn sou lòt, se sou Prezidan Donald Trump yo te lanse atak. Yon egzanp se Senatè Eta Kolorado a, Michael Bennett, ki te di piblik la:

« Nou genyen yon prezidan ki fin kaba avèk nou e ki pa gen okenn enterè ni nan pitit pa nou, ni nan pitit pa mwen. Mesye Le Prezidan, se nan lekòl yo mete timoun; yo pa mete yo nan kaj bèt. »

Joe Biden, li-menm tou, te atake Prezidan Trump poutèt kèk nan deklarasyon dezoblijan li te fè sa pa gen lontan sou kesyon ras ak divèsite etnik Ozetazini. Misye Biden deklare

« Misye Le Prezidan, an n pale klè sou yon bagay : Nou renmen peyi sa a; nou pa p kite l. Nou la e se la n ap rete. Epi si gen yon bagay ki sèten, sè ke nou pa p pati kite l pou ou. »
Pwochen deba Pati Demokrat la fikse pou mwa septanm 2019 la kote, san di pètèt, pral genyen mwens patisipan sou podyòm nan, paske l ap pi difisil pou yon kandida satisfè kondisyon patisipasyon yo.

Ansyen Vis Prezidan Joe Biden nan Sant Konfwontasyon ak Lòt Kandida Demokrat yo
please wait

No media source currently available

0:00 0:03:47 0:00

XS
SM
MD
LG