Accessibility links

Breaking News

Kanbodj: Kondanasyon Yon Ansyen Lidè Rejim Khmer Rouge la


Nan peyi Kanbòdj, yon tribinal ki jije moun pou krim de gè e k ap opere avèk apui Nasyon Zini jwenn yon ansyen lidè Khmer Rouge koupab deske li te komèt divès kalte krim; e tribinal la kondane misye pou l pase 19 an nan prizon.

Avoka akizasyon yo te mande yon pèn 40 an prison pou akize a, ki rele Kang Guek Eav, yon ansyen kòmandan prison ki gen kòm ti non jwèt: “Duch”.

Sepandan tribinal la ba li pito yon santans 35 an prizon, ke I redui aprè sa a 19 lane, etan done sikonstans yo: tankou, pa egzanp, le fèt ke akize a te eksprime remò li, li te kowopere ak tribinal la e li déjà pase yon bon ti tan dèyè bawo.

Lajistis jwenn kòmandan Duch koupab deske li te jwe yon wòl kèlkonk nan lanmò o mwen 14 mil moun kòm prensipal bouwo rejim Kjmer Rouge la sa gen 30 an.

Youk Chhang --ki se direktè Sant Dokimantasyon Kanbòdj al e ki pase plis pase 10 an ap rasanble prèv kont lidè rejim Kjmer Rouge yo panse santans sa a pral jwe yon gwo wòl nan efò k ap fèt pou ede kanbodyen yo rekonsilye yo avèk yon pase resan e trajik.

Plizyè santèn viktim rejim Khmer Rouge la te rasanble devan tribinal la e yo reyaji avèk anpil emosyon lè jij la anonse santans la --se premye pwosè ki fèt kont yon ansyen lidè ansyen rejim nan nan Kanbòdj.

XS
SM
MD
LG