Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Kanaval: Demand pou Komite Kanaval Jakmèl La Entèdi Gwoup “Sweet Micky/ Michel Martelly” Patisipe nan Defile a Ane sa a


Prezidan Jovenel Moise nan Kanaval Jakmèl la pandan ane 2017. (Foto: REUTERS/Andres Martinez Casares).
Prezidan Jovenel Moise nan Kanaval Jakmèl la pandan ane 2017. (Foto: REUTERS/Andres Martinez Casares).

Plizyè Asosyasyon nan Sidès Ayiti lanse apèl bay Komite Kanaval Jakmèl La pou mnade li entèdi gwoup mizikal “Sweet Micky/ Michel Martelly” patisipe nan defile a ane sa a. Si komite òganizatè kanaval Jakmèl la aksepte demand sa a, li tap adopte menm pozisyon ak dirijan minisipal kapital la, Pòtoprens ak Gonayiv, pou n site vil sa yo sèlman, kote otorite yo deklare Michel Martelly "persona non grata" pou kanaval 2018 la.

Pami òganizasyon ki lanse apèl sa a genyen:

-Rezo Sidès kap Defann Dwamoun (dirijan: Gethro Pierre-Paul);

-Fanm Deside Jakmèl (pòtpawòl : Marie-Ange Noel);

-Kolektif Sove Sidès (òganizasyon etidyan jakmelyen).

Responsab kèk lòt minisipalite (komin) nan peyi d Ayiti te deja pran desizyon pou yo entèdi gwoup mizikal “Sweet Micky” Martelly Martelly (ansyen prezidan peyi a) patisipe nan defile kanavalèsk la pou ane 2018 la. Pami minisipalite sa yo genyen, antwot, Pòtoprens ak Gonayiv ki te deja anonse ofisyèlman yo entèdi “Sweet Micky/Michel Martelly” patisipe nan kanaval vil sa yo ane sa a.

Kanaval nan Gonayiv. Dat: 27 fevriye 2017.
Kanaval nan Gonayiv. Dat: 27 fevriye 2017.

Rezondèt entèdiksyon sa a se pou yo denonse sa lidè minisipal sa yo rele –jan Madam Marie-Ange Noel di sa nan Jakmèl) “konpòtman vilgè e imoral” Michel Martelly te afiche nan yon festival mizik ki te dewoule nan Stad HENFRASA, nan Pòtoprens, nan kòmansman mwa janvye a. Nan okazyon sa a Sweet Micky/Michel Martelly te anplwaye mo vrèman deplase pou l pale de kèk pèsonalite piblik ak pwopriyetè medya; li te anlwaye kèk pawòl kri e lèd pou l di sa li ta fè moun sa yo ak manm fanmi yo.

Eveline Adonis - Nouvèl sou Kanaval Jakmèl - 24 jan 2018.
please wait

No media source currently available

0:00 0:02:04 0:00

Klike sou lyen ki mache ak nouvèl sa a pou nou gen detay avèk korespondan nou nan Jakmèl, Eveline Adonis.

XS
SM
MD
LG