Accessibility links

Breaking News

Etazini-Ekonomi: General Motors Vle Fèmen 5 Izin - Prezidan Trump Pa Dakò


Fasad yon izin General Motors kote yo fè asanblaj pyès machin anba lavil Oshawa, nan Pwovens Ontario, nan Canada. (Foto: REUTERS/Carlos Osorio - 26 novanm 2018).
Fasad yon izin General Motors kote yo fè asanblaj pyès machin anba lavil Oshawa, nan Pwovens Ontario, nan Canada. (Foto: REUTERS/Carlos Osorio - 26 novanm 2018).

Ni Prezidan ameriken an, Donald Trump, ni Premye Minis Kanada a, Justin Trudeau, yo tou lè 2 fè konnen kijan yo pa kontan avèk ajisman konpayi otomobil General Motors ki anonse li pral koupe sou kantite anplwaye k ap touche regilyèman yo epi li pral fèmen 5 gwo izin fabrikasyon machin atravè tout Amerik du Nò a.

Nan Washington, daprè nouvèl ki sòti n an La Mezon Blamch, kantite enstalasyon ki kapab fèmen rive jiska 7; e Prezidan Trump pa pedi tan pou l reyaji avèk yon anons kote li fè konnen General Motors gen anpil presyon k ap fèt sou do l pou l retounen sou desizyon an. Prezidan Trump di:

<<Responsab konpayi a fè konnen mak machin ki rele Chevy-Cruze la pa vann ase; mwen reponn yo pou m di: "Ebyen mesye, chache yon moun ki kapab ede nou; chache konstrui machin ki ka vann byen epi remete anplwaye yo nan travay." Alòs, mwen panse bagay la pa pral pase jan yo anonse l la ditou-ditou; men mwen pa kontan menm-menm poutèt yo fè anons la. Yo gen machin ki pa vann sou mache a? Ebyen! se pou yo vann yon lòt pwodui; e m parye avèk nou: anvan lontan yo pral jwenn yon lòt bagay pou yo vann; epi dayè, pito se sa yo fè.>>

General Motors anonse tou li pral sispann pwodui machin ki rele Cadillac CT6 la avèk Buick Lacrosse la sou mache ameriken an. Konsomatè nò-ameriken yo sanble ta renmen achte ti djip yo avèk kamyonèt, epi machin espòtif yo (Anglè: Sport Utility Vehicles); tandiske General Motors, li-menm, gen tandans ale nan yon direksyon kote gen plis demand pou ti machin elektik e menm pou machin ki deplase san chofè.

XS
SM
MD
LG