Accessibility links

Breaking News

Edike Timoun yo Sou Viris VIH la ak Maladi Sida a Sou kontinan Afriken an


Edike Timoun yo Sou Viris VIH la ak Maladi Sida a Sou kontinan Afriken an
Edike Timoun yo Sou Viris VIH la ak Maladi Sida a Sou kontinan Afriken an

Anpil kote atravè lemon, lekòl fèmen pou vakans ete a, e timoun yo ap pwofite sezon chalè a pou y al nan kan vakans e patisipe nan divès kalte aktivite e amize yo. Sou kontinan afriken an, genyen yon tandans k ap pran-chè nan mitan òganizasyon non-gouvènmantal (ONG yo) nan sezon sa a: tabli kan ete pou sansibilize timoun yo sou maladi ak viris VIH-Sida a.

Timoun nan Soweto yo, yon bidonvil nan Afrik di Sid, pase tan yo ap jwe nan yon pisin ki tabli nan yon kan yon ONG ameriken mete sou pye.

Apa benyen nan pisin, timoun yo ap patisipe nan divès lòt aktivite, tankou spò, dans, ar ak atizana. Epitou gen klas ijyèn, nitrisyon ak klass sansibilizasyon kont maladi sida a nan kan sa a.

Nan yon mesaj sou sit entènèt CHF International la, Mbali Nkwanyana eksplike enpòtans ak efikasite pwogram sa a. Li pale pou l di: “mwen pa ta renmen timoun sa yo jwenn move enfòmason ke m te jwenn lè m tap grandi. Donk, yon fason, mwen santi se responsabilite m pou m bay timoun sa yo konesans. Konesans se pouvwa. Sèl jan yo kapab gen yon meyè avni, se avèk konesans ak enstriksyon.”

Yon gwoup ki baze nan Gran Bretay: AVERT, di pami timoun k ap viv ak Sida yo omwen 9 sou 10 rete nan rejyon ki rele "anba Sahara a, sou kontinan afriken an. Nan gwoup timoun ki gen ant 15 a 19 van, yo dènye chif yo montre an 2009 plis pase 13 pousan nan timoun sa yo te trape virus VIH la.

Nan Rwanda, yo estime plis pase 170 mil moun ap viv ak maladi a, gwoup ki baze Ozetazini an CHF Entènasyonal òganize yon seri kan pou òfelen ak timoun ki vilnerab kap soufri anba maladi SIDA a.

Avèk èd òganizasyon lokal ak volontè Kò Lapè-yo (Peace Corps) patisipan nan kan VIH yo resevwa fòmasyon sou lasante e yo travay sou plan pou avni yo. Kan 4 jou nan Rwanda a te tanmen 1e out la nan plis pase 20 lokalite e lap dire jis mitan mwa a. Li ede plis pase 16 mil timoun lekòl. Nan chak kan sa yo, timoun yo desinen yon pye "bwa espwa" kote chak branch senbolize yon objektif.

XS
SM
MD
LG