Accessibility links

Breaking News

Etazini-Prezidansyèl: Pwofil Kamala Harris, Chwa Kandida Demokrat Joe Biden pou Plas Vis Prezidant la


Kamala Harris, Senatris Eta Kalifòni nan Kongrè ameriken an. Kandida Pati Demokrat la pou plas Prezidan an, Joe Biden, chwazi li pami anpil lòt fanm kòm kandidat pou plas Vis Prezidant la.
Kamala Harris, Senatris Eta Kalifòni nan Kongrè ameriken an. Kandida Pati Demokrat la pou plas Prezidan an, Joe Biden, chwazi li pami anpil lòt fanm kòm kandidat pou plas Vis Prezidant la.

Kamala Harris, aktyèl senatris Eta Kalifoni ke Joe Biden chwazi kòm kandidat’ pou plas vis prezidant la, te pran nesans nan vil Oakland, nan Kalifòni. Papa li, ki te fèt nan Peyi Jamayik, epi manman li, ki te pran nesans nan Peyi Lend sou kontinan azyatik la, se 2 moun ki te kite peyi dorijin yo pou yo te vin viv kòm imigran Ozetazini. Konsa Madam Harris tounen premye fanm nwa-amerikèn e, an menm tan, premye ameriken tou senpleman (gason oubyen fanm) avek orijin li nan rejyon sid-azyatik la, ki gen non li sou tikè prezidansyèl la Ozetazini.

Li te pran diplòm dwa li nan Hastings College, Inivèsite Kalifòni, e li te ranpòte eleksyon pou plas komisè gouvènman vil San Francisco nan lane 2003; ansuit li te vin okipe plas minis jistis Kalifòni an 2010. Anfen, Madam Harris te rive Washington, D.C., sa gen mwens ke 4 tran pou l te okipe pòs senatris Kalifòni nan Kongrè ameriken an.

Kidonk, a 55 kan, Kamala Harris gen yon curriculum vitae kote nou jwenn eleman sa yo: se premye minis jistis Eta Kalifoni ki sòti nan ras nwa a; e an menm tan se premye fannm ki okipe plas sa a.

Joe Biden ki t ap salye Kamala Harris nan okazyon 2èm deba ant kandida demokrat yo ki t ap dewoule nan vil Detoit, Eta Michigan, nan dat 31 jiyè 2019.
Joe Biden ki t ap salye Kamala Harris nan okazyon 2èm deba ant kandida demokrat yo ki t ap dewoule nan vil Detoit, Eta Michigan, nan dat 31 jiyè 2019.

Kanpay elektoral li te mennen nan lane 2016 la pou l te tounen senatris ki reprezante nan Kongre a eta ki pi peple nan inyon an, Kalifoni, fè l tounen tou premye fanm ki gen orijin li nan rejyon sid-azyatik la ki reyalize yon eksplwa konsa.

Madam Harris te eseye jwe wòl Joe Biden ap jwe jodi a, sètadi li te vle tounen kandida demokrat k ap chache dechouke Donald Trump sou chèz boure a nan La Mezon blanch epi, konsa, reyalize an menm tan 2 objektif ki makonnen ansanm:

1. Anpeche Misye Trump ranpòte yon 2èm manda kòm prezidan ameriken; 2. Epi 2emman, pèmèt Pati Demokrat la repran kontwòl Pouvwa Egzekitif la.

Kanpay elektoral li a te kòmanse mache kòm yon machin ki te gen bon jan luil nan motè li,si w konsidere le fèt ke te genyen yon afè de 20 mil moun prezan nan vil natal li, Oakland, pou asiste seremoni kote li t ap lanse kanpay la. Byen bonè nan ane 2019 la, li te kòmanse trennen dèyè Joe Biden nan sondaj opinyon piblik yo apre li te fin resevwa gwo konpliman pou siksè li te ranpòte gras ak pèfòmans li nan deba ki te fèt ant kandida demokrat yo ki te anpil nan kous la; an tou ka se premye fwa youn nan 2 gwo pati yo te genyen yon gwo kantite kandida konsa pou yon eleksyon, swa plis pase 20 kandida demokrat.

Pandan mwa ki ta pral vini yo chif Kamala Harris yo pa t sispann bese nan sondaj yo; e, pa pi ta ke nan kòmansman mwa desanm 2019 la, li te anonse li t ap kraze yon kite sa a. Kòm rezon, li te pale de gwo difikilte li te genyen pou l ranmase lajan pou kanpay la.

Senatris Kamala Harris nan premye meeting elektoral li te òganize nan vil Los Angeles, Kalifòni, nan kanpay pou nominasyon Pati Demokrat la pou prezidansyèl novanm 2020 an. (Dat: 19 me 2019 -Foto achiv).
Senatris Kamala Harris nan premye meeting elektoral li te òganize nan vil Los Angeles, Kalifòni, nan kanpay pou nominasyon Pati Demokrat la pou prezidansyèl novanm 2020 an. (Dat: 19 me 2019 -Foto achiv).

Nan mwa mas ane sa a, pi egzatteman nan moman Joe Biden te pran devan youn nan pi gwo advèsè li yo, Senatè Bernie Sanders, gras ak kantite eta li te ranpòte nan eleksyon primè yo, Kamala Harris te anonse piblikman li te deside andose Misye Biden kòm kandida pou nominasyon Pati Demokrat la pou fè fas ak Donald Trump nan prezidansyèl novanm 2020 an. Nan okazyon andosman sa a, pou anpil obsèvatè pi bèl fraz ki te sòti nan bouch li sete:

“Mwen kwè nan Joe; mwen kwè nan Joe Biden…”

Desizyon Joe Biden, kandida Pati Demokrat la nan prezidansyèl novanm pwochen an, pran pou l chwazi Senatris Kamala Harris pou plas vis prezIdant la, kreye gwo satisfaksyon kay anpil moun; gen ladan yo ki menm rive kriye tèlman yo kontan; tandiske li pwovoke an menm tan anpil kritik nan kèk milye politik e sosyal Ozetazini.

XS
SM
MD
LG