Accessibility links

Breaking News

Biyografi Kamala Harris Vis Prezidan Etazini


Kamala Harris Vis Prezidant Etazini.(Foto: Reuters).
Kamala Harris Vis Prezidant Etazini.(Foto: Reuters).

Madam Harris se premye fanm nwa-amerikèn e premyè amerikèn ki gen orijin li sou kontinan azyatikk la ak nan Karayib la ki vinn Vis Prezidant Etazini.

Kamala Harris, kandida pou plas Vis Prezidan an sou tikè demokrat la bò kote Joe Biden, te fè yon bèl karyè kòm avoka nan Kalifòni, kòm minis jistis eta sa a e kòm yon senatris amerikèn anvan li te vin kandida pou 2èm plas politik pi enpòtan nan peyi a.

Madam Harris se premye fanm nwa-amerikèn e premyè amerikèn ki gen orijin li sou kontinan azyatikk la ak nan rejyon karayib la ki jwenn nominasyon li pou plas vis prezidan an. Pandan li te pran lapawòl nan Konvansyon Nasyonal Pati Demokrat la nan mwa dout pase a, li te di li-menm avèk Joe Biden pataje sa li rele “yon vizyon kote peyi nou an reprezante yon kominote kote tout moun renmen tout moun, kote tout moun santi yo byenvini, kèlkeswa sa yo sanble, kèlkeswa kote yo sòti oubyen kiyès ki renmen yo, ou kiyès yo renmen.”

Malgre gwo diferans ki egziste ant 2 pèsonalite yo, tikè Biden-Harris la te fòme pandan sezon eleksyon primè ki te dewoule pou nominasyon Pati Demokrat la, sitou pandan kandida yo t ap fe deba sou kesyon tankou relasyon rasyal yo avèk, antwòt, dosye Joe Biden sou dwa sivik kòm yon senatè Eta Delaware. Lè Madam Harris t ap fè diskou kote li t ap aksepte nominasyon li kòm kandida pou plas vis prezidan an, li te mande sitwayen ameriken yo pote-kole avèk li pou yo konbat rasism ak rayisman pou etranje. Li te deklare:

“Pa genyen okenn vaksen kont rasism. Se nou menm ki pou derasinen li.”

Lè li te eli manm Sena ameriken an nan lane 2016, li te tounen 2èm fanm nwa nan tout istwa Lezetazini ki reyalize eksplwa sa a.

Nan Konvansyon Nasyonal la, Kamala Harris te prezante tèt li kòm pititfi 2 imigran: manman li te sòti nan Peyi Lend, epi papa li te pran nesans nan Peyi Jamayik. Li te prete sèman pou l travay pou l fè Lèzetazini tounen yon peyi ki anbrase tout moun, kote tout moun gen plas yo bò tab la, apre 4 tran administrasyon Trump la ki, daprè li, te fe peyi a vin pi divize.

Pandan tout sezon ete pase a, Madam Harris te pase tout tan li ap siyone peyi a pou l te mennen kanpay pou Joe Biden nan kad efò yo t ap fè pou yo wete Donald Trump ak Mike Pence nan La Mezon Blanch. Nan okazyon yon meeting de mas ki tap dewoule nan vil Reno, nan Eta Nevada, nan fen mwa doktòb la, li te ankouraje elektè yo pou yo te ale vote epi “batay pou reyalizasyon pwomès ak rèv ameriken yo.”

XS
SM
MD
LG