Accessibility links

Breaking News

Vizit Prezidan Donald Trump nan Kalifòni, yon Eta Kote Gwo Dife Forè Fè Anpil Dega

Ponpye k ap patisipe nan efò pou touye yon seri de gwo dife ki pran nan pati lwès Eta Kalifòni.
Ponpye k ap patisipe nan efò pou touye yon seri de gwo dife ki pran nan pati lwès Eta Kalifòni.
Prezidan ameriken an, Donald Trump, te fè yon vizit nan Eta Kalifòni, nan jounen samdi 17 novanm 2018 la, yon fason pou l te konstate de prè dega dife forè yo koze nan zòn nan. Misye Trump pran angajman pou l fè responsab yo nan Kalifòni jwenn bon jan asistans nan men gouvènman federal la pou yo kapab fè fas pi byen posib avek sitiyasyon dezas sa a. Lidè ameriken an di:
"Pèsonn pa te ka panse yon bagay konsa te kapab rive. Gouvènman federal la kanpe avèk nou e se nou youn ki kanpe fèm bo kote lòt."
Nan deplasman sa a, Prezidan Trump te genyen avèk li Jody Jones, majistra kominal vil Paradise, youn nan sikonskripsyon dife yo plis afakte, gouvènè sòtan Eta Kalifoni an, Jerry Brown, gouvènè eli a, Gavin Newsom, avèk direktè FEMA (Ajans Federal pou Asistans an Ka Dijans la), Brock Long. Se an prezans otorite sa yo Prezidan Trump te kontinye bay opinyon li sou sitiyasyon konplike k ap devlope sou kòt wès Lèzetazini an. Prezidan Trump ajoute:
Prezidan Donald Trump ki t ap vizite yon vilaj abita mobil ki boule nèt nan Komin Paradise, nan Eta Kalifòni. Lidè ameriken an te fè vizit la samdi 17 novanm 2018 la, avèk direktè FEMA a, Brock Long (adwat), Gouvènè Kalifòni an, Jerry Brown (agoch) ki t ap pale sou foto a avèk majistra kominal Paradise la, Jody Jones.

"Mwen kwè nou sou menm chemen an. Devwa nou se fè bon jan jesyon ak antretyen e nou pral travay tou ansanm avèk gwoup ekolojis yo. Mwen panse se tout moun ki wè klè kounyela a nan sitiyasyon an; mwen pa panse sityasyon sa a pral prezante ankò nan dimansyon li pran la a. Men pou sa nou pral oblije travay san pèdi tan.”
Dife forè ki pete nan Kalifòni yo, se dife forè ki pi tèrib otorite yo anrejistre jiskisi nan tout istwa Eta ki sou kòt wès Lèzetazini yo. Daprè bilan ki pi resan an e ki parèt nan kòmansman jounen lendi 19 novanm nan, dife yo detrui 9 mil 700 kay (piti kou gwo), yo touye 76 moun, tandiske plis pase mil rezidan nan zòn sinistre yo pa reponn alapèl.
XS
SM
MD
LG