Accessibility links

Breaking News

'Kado Ak Tout Kè' Se Tèm Dekorasyon Nwèl Lamezonblanch


Dekorasyon ab de nwel Asosyasyon Istorik Lamezonblanch pou ane 2021 an.
Dekorasyon ab de nwel Asosyasyon Istorik Lamezonblanch pou ane 2021 an.

Ane sa a se premye fèt nwèl ke Prezidan Joe Biden ak Premye Dam Jill Biden ap pase nan kay prezidansyèl la.

Madan Biden fè konnen, tèm li chwazi a se: "Kado ak tout Kè". Li di dekorasyon nou wè nan sal piblik Lamezonblanch yo santre sou tèm sa a.

Pa gen anpil moun k'ap gen okazyon wè dekorasyon nwèl yo ak pwop je pa yo ane sa a, paske tour piblik yo sispann akoz pandemi a.

Nan komantè li te fè pou remèsye tout volontè ki te patisipe nan pwojè dekore kay la, premye dam nan te pale de vizyon ni pou tèm sa a.

"Pou tout diferans nou yo, nou ini sou sak konte plis menm jan pwen ki fe pati yon zetwal. Nou ini nan kè nou. Se sa mwen te vle reflete nan Lamezonblanch ane sa a. Chak pyès rakonte yon istwa kado ak tout kè. Isit nan zel ès la, nou we dekorasyon ki reprezante travayè ijans ki te klere yon limye pou nou pandan jounen pi sonb pandemi a, " premye dam nan deklare.

Doktè, enfimyè, pwofesè moun ki travay nan sipè mache yo, yo tout reprezante nan gwo kay bonbon jenjanm ki reprezante mezon blanch la. Li peze 158 kilogram, atis ki fèl ajoute yon lekol, lapolis, ponpye, ponp gaz, yon lopital, biwo lapos, yon makèt epi yon depo - pou rann omaj a tout travayè sa yo ki te kontinye travay pandan pandemi a.

Gen tou zetwal filant ki ilumine Kolonad Es la - e ki reprezante travaye dijans yo.

Petet dekorasyon ki pi emèveye spektatè yo se ab de nwèl ofisyèl Lamezonblanch la. Li mezire 5,5 mèt de wotè. Li se yon sapen Fraser ki dominen sal ble a, e ki gen sou li toutrèl blan ak riban ki gen non tout eta ak teritwa ameriken yo. Li senbolize lapè ak inite.

Plis pase 100 volontè te dekore mezon blanch la, e Biwo Oval prezidan an ladann, pandan ke fanmi Biden nan tap pase fèt aksyon de gras la sou zile Nantucket nan eta Massachusetts.

Yo te dekore tout ab de nwèl yo epi kwoke 2,000 yard riban, ak plis pase 10,000 dekorasyon.

Met sou sa, gen 25 kouwon ki dekore eksterye Lamezonblanch la, epi preske 79,000 limye ki dekore ab de nwèl ki nan lakou a.

XS
SM
MD
LG