Accessibility links

Breaking News

Afganistan Akize Pakistan deske L Ap Ede Rebèl Taliban yo


Katye Qala-e-Walid nan Kaboul, Afganistan. (Foto: 2 fevriye 2018 - AP/Massoud Hossaini).
Katye Qala-e-Walid nan Kaboul, Afganistan. (Foto: 2 fevriye 2018 - AP/Massoud Hossaini).
Prezidan afgan an Ashraf Ghan pale vandredi 2 fevriye a pou l di kòmkwa rebèl taliban kap goumen ak gouvènman an ap sèvi ak Pakistan kòm baz e li mande gouvènman pakistanè a prese pran aksyon kont yo. Akizasyon Misye Ghan nan atire atansyon sou tansyon ki leve ant 2 peyi yo apre divès atak ki te fè 140 mò nan Kaboul --pami viktim sa yo te genyen 4 ameriken.
Lidè afgan an, ki fè yon diskou ki pase sou televizyon atravè tout peyi a, fè konnen otorite yo arete 11 sispèk ki ta mele nan zak vyolans yo. Prevni sa yo revele idantite moun ki te poze zak yo avèk kote lapolis kapab jwenn yo.
Prezidan Ghan di: "Nou pataje avèk Pakistan lis non moun sa yo ak rezo yo a, e nou mande pou Islamabad prese pran aksyon klè e presi pou l ranje sitiyasyon an e non pa pran angajman nan bouch sèlman."
XS
SM
MD
LG