Accessibility links

Breaking News
Azi

Kabinè Japonè a Apwouve yon Plan Depans $200 Milya pou Kontre Enflasyon


Premye Minis Japone a, Fumio Kishida pran la pawol pandan yon konferans pou lapres nan rezidans ofisyel li nan Tokyo, 25 Fevriye 2022.
Premye Minis Japone a, Fumio Kishida pran la pawol pandan yon konferans pou lapres nan rezidans ofisyel li nan Tokyo, 25 Fevriye 2022.

Kabine peyi japon an apwouve yon kokenn chenn pwogram ekonomik ki gen ladann 29 trilyon yen ($200 Milya) depans gouvenmantal pou soulaje enpak laviche ak pri elektrisite ak gaz nan peyi a.

Premye Minis Fumio Kishida deklare Vandredi pandan yon konferans pou lapres ke li gen entansyon kontre pri manje a ki mone 19 wote epi bay ekonomi an yon bourad. Li di li vle pwoteje lavi sitwayen yo ak travay yo tou.

Globalman, pri kap ogmante epi febles yen nan lakoz tout pwodwi Japon enpote yo vin tet neg - e se ogmante to enflasyon an.

Gouvenman an di pwoje ekonomik la, ki gen ladann finansman pou sekte prive a ak mezi fiskal vo yon afe de 71,6 trilyon yen ($490 trilyon)

Pwogram nan gen ladann gwo sibvansyon pou sitwayen yo. Gen moun ki konsidere peman sa yo tankou yon tantativ Kishida ap fe pou'l amelyore opinyon piblik la genyen de li nan sondaj yo.

XS
SM
MD
LG