Accessibility links

Breaking News

Jyen Se 'Pride Month' Ozetazini


Foto Achiv: Sekretè Enèji Etazini Jennifer Granholm ak Chèf pèsonèl Depatman Enèji a, Tarak Shah leve drapo Pwogrè Fyète a devan katye jeneral yo nan Washington.
Foto Achiv: Sekretè Enèji Etazini Jennifer Granholm ak Chèf pèsonèl Depatman Enèji a, Tarak Shah leve drapo Pwogrè Fyète a devan katye jeneral yo nan Washington.

Mwad Jyen an, se Pride Month Ozetazini - setadi yon mwa kote yo rann omaj a manm kominote LGBTQI a.

Nan okazyon sa a, Lamezonblanch pibliye yon pwoklamasyon kote li di: "Pandan mwa Fyete LGBTQI a (setadi Lezbyenn, omoseksyel, biseksyel, transjan, ak enterseks) nou reflechi sou pwogre peyi a fe nan lit pou jistis, enklizyon ak egalite pandan nap re-afime angajman nou pou bay kominote sa a plis sipo lakay ak nan peyi etranje.

Gen plizye manm administrasyon Biden nan ki fe pati kominote LGBTQI a - pami yo sekrete transpo piblik la - Pete Butigeig epi sekrete de pres Lamezonblanch la, Karine Jean-Pierre.

" Premye Jyen se komansman Mwa Fyete Ozetazini," madan Jean-Pierre deklare. "Administrasyon Biden-Harris la pral mete aksan sou vwa moun nan kominote LGBTQI a toupatou nan peyi a sitou timoun ak fanmi. Prezidan an di kleman ke pwopagasyon pwoje lwa diskriminatwa ak mechan ki vize timoun lekol ak fanmi yo se tou senpleman intimidasyon.

"Mwa sa a nap konsantre sou rann pwoteje, rann omaj, epi apiye timoun LGBTQI yo ak fanmi yo."

Prezidan Biden ankouraje Ameriken rekonet akonplisman kominote sa a epi selebre divesite ki egizste Ozetazini epi vole drapo Fyete a byen wo.

XS
SM
MD
LG