Accessibility links

Breaking News

Etazini: Edikasyon sou Seks nan Lekòl


HEALTH-CORONAVIRUS/USA-CHILDREN
HEALTH-CORONAVIRUS/USA-CHILDREN

Pa pale pou idantifye moun kòm fanm oubyen gason, oubyen pale de oryantasyon seksyèl nan lekòl, entèdi liv ki pale de sijè sa yo nan bibliyotèk lekòl...

Nan Etazini, pwojè-lwa ki mete limit sou pale ak timoun sou kesyon gason makonmè oubyen lesbyèn oubyen idantite moun ki chanje sèks, pwojè-lwa sa yo miltipliye, sa ki relanse lagè kiltirèl ki divize peyi a. Lekòl yo ki se glas ki reflete figi yon Etazini divize, se la gen afwontman depi kèk mwa sou fason pou anseye rasism, listwa ak sijè seksyèl. Dènye batay ki dewoule deja sou kesyon an se nan eta Florid, kote yon tèks ke moun ki kont li rele: "Pa pale de gason makonmè", tèks ki gen sipò gouvènè Ron DeSantis, yon pèsonalite nan pati repibliken an, eben li fè yon pa nan Sena Florid la, madi.

Si lwa sa a pase nan palman Florid la, li pwal entèdi pwofesè pale sou idantite moun kòm fanm, oubyen gason, ak oryantasyon seksyèl jouk timoun yo rive nan yon sèten nivo lekòl, e yo p-ap gen dwa pale sou sijè a yon jan ki pa apwopriye pou jèn timoun. Pwojè-a, ke asosyasyon lokal yo konbat ak tout fòs, soulve reyaksyon menm nan Mezon Blanch.

"Nan tout peyi-a, lidè Repibliken ap chache mete kontwòl sou sa timoun yo ka li, sa yo ka aprann , sa ki bay plis enkyetid la, ki moun yo dwe ye," se kritik yon pòtpawòl administrasyon Biden nan te fè madi. Lwa a fè sikile lide ke "senpleman akoz sa yo ye a, moun LGBT yo endesan," sa se kritik Brandon Wolf ki nan òganizasyon Florid Egalite.

"Sa pwal touye kèk timoun," se sa ki nan yon tweet Chasten Bittigieg, ki se mari minis Transpò Pete Buttigieg, ki t ap pale de yon etid ke Pwojè Trevor reyalize, ki rapòte ke 42 pousan jèn LGBT te panse seryezman pou yo touye tèt yo an 2021.

"Lide a se pa ankouraje timoun yo pale de sèks," men se ba yo posiblite pou yo reflechi sou sa yo santi e pou yo konnen yo ka pale de sa," se pawòl Natasha Poulopoulos ki se psikològ pou timoun nan Miami. Li di, pale de sijè sa yo nan yon kad toleran redui kantite timoun ki touye tèt yo.

Bò kote pa l Tina Descovich, ki nan òganizasyon Manman pou Libète, defann pwojè-lwa a, e li rejte pawòl kòmkwa tèks la ta fè diskriminasyon kont sèten kategori elèv. Li di: "lide a se pèmèt paran yo elve pitit yo e konnen ki sa ki rive yo," se sa Descovich di Ajans France Presse.

XS
SM
MD
LG