Accessibility links

Breaking News

Jwè Foutbòl Brezilyen, Kaka, Gen Pou l Sibi Yon Operasyon


Vedèt foutbòl Brezilyen Kaka k ap jwe nan Real Madrid kapab pase 3 ou 4 mwa andeyò teren an apre li fin sibi yon operasyon nan pye gòch dapre anons klib la fè.

Kaka ale nan vil Anvers an Bèljik kote li pral sibi operasyon an. Real Madrid gen pou l jwe yon match amikal samdi 7 jiyè a kont Los Anjeles Galaksi nan Pasadena an Kalifòni kote plis pase 60 mil tikè déjà vann.

Almay anonse y ap jwe yon match amikal kont Brezil an out 2011. Brezilyen yo gen pou jwe yon match amikal mwa sa a fas ak Etazini nan New York.

Yon lòt kote, Federasyon Foutbòl Ajanten an fè konnen li pa gen plan pou l ranplase Diego Maradona nan tèt seleksyon ajanten an kounye a.

Pòt la kapab louvri apre rankont anyèl federasyon an gen pou l fè an Oktòb 2010. Sergio Batista pral dirije seleksyon an sou yon baz pwovizwa pandan match kont Irland Mèkredi 11 Out epi le 7 Septanb kont Espay nan Buenos Aieres.

XS
SM
MD
LG