Accessibility links

Breaking News

Jwè Basketball Lejandè Ameriken Kobe Bryant Mouri nan yon Aksidan Elikoptè nan Los Angeles


Kobe Bryant, yon jwè Basketball lejandè Ameriken mouri nan yon aksidan elikoptè ansanm ak yon pitit fil 13 zan, dimanch 26 janvye 2020 an nan Calabasas, Los Angeles Kalifòni.
Kobe Bryant, yon jwè Basketball lejandè Ameriken mouri nan yon aksidan elikoptè ansanm ak yon pitit fil 13 zan, dimanch 26 janvye 2020 an nan Calabasas, Los Angeles Kalifòni.

Se avèk anpil tristè lemond antye apran nouvèl tris sila ki fè konnen jwè Basketball lejandè, Kobe Bryant ansanm ak yon pitit fi li ki gen 13 zan mouri nan yon aksidan elikoptè.

Aksidan an rive nan Calabasas, Los Angeles Kalifòni dimanch 26 janvye 2020 an vè 10 zè di maten. Lemond antye pral sonje Kobe Bryant, yon jwè Basketball lejandè Ameriken ki te gen sèlman 41 lane. Kobe, yon ansyen jwè Los Angeles Lakers, te pran retrèt li nan NBA a nan ane 2016.

Otorite polis yo nan Los Angeles fè konnen Bryant te pami 8 lòt pasaje yon elikoptè prive ki tonbe nan Calabasas, ki sitiye a 65 kilomèt vil Los Angeles. Yo poko bay enfòmasyon sou koz aksidan an. Dapre sous nouvèl yo, Bryant abitye monte elikoptè pou l soti lakay li pou antre Los Angeles yon fason pou evite blokis ki gen nan vil la.

XS
SM
MD
LG