Accessibility links

Breaking News

Kòman yon Imigran ki sou Depòtasyon Kapab Jwenn Avoka pou Defann li nan Tribinal; Mèt Larry Fleurantin Ap Eksplike


US Supreme Court Immigration
US Supreme Court Immigration
Isit Ozetazini, pandan ke gouvènman federal la ap fè efò pou l mete an detansyon e depòte imigran ki san dokiman legal, kèk eta ak vil ameriken kreye yon fon legal pou defann kalte imigran sa yo.
Anviwon 13 kominote Ozetazini fe pati rezo sa a rele Safe Cities Network, oubyen rezo vil ki sur yo, pou bay reprezantasyon legal pou defann dwa imigran kap fè fas ak depòtasyon. Pami vil ki ofri defans legal pou imigran san dokiman yo, genyen New York, Baltimore nan eta Maryland elatriye.
Gen ekspè an dwa ki di nan sistèm jistis penal Etazini an, si yon akize pa an mezi pou l peye yon avoka pou defann ni nan tribinal, leta ap ba li sa yo rele yon public defender, donk yon avoka gratis. Men, nan tribinal imigrasyon, si yon imigran yap depòte pa gen lajan pou l pran yon avoka, yo pap ba li avoka gratis.
Donk, imigran san dokiman Ozetazini kap fè-fas ak detansyon ou depòtasyon, e ki pa kapab peye yon avoka, dwe chèche pran kontak ak younn nan biwo ki defann moun gratis pou ede yo nan tribinal.

Mèt Larry Fleurantin, ki se avoka imigrasyon nan eta Florid, ap ede oditè Lavwadlamerik yo konprann diferans sa fè lè yon imigran Ozetazini ki an detasyon oubyen ki sou depòtasyon pa genyen yon avoka pou defann ni nan tribunal. Mèt flerantin tap reponn kesyon Ronald Cesar nan segman Justice USA.
Donk, imigran san dokiman Ozetazini kap fè-fas ak detansyon ou depòtasyon, e ki pa kapab peye yon avoka, dwe chèche pran kontak ak younn nan biwo ki defann moun gratis pou ede yo nan tribunal.
Klike sou lyen odyo a pou plis detay ak Mèt Larry Fleurantin ki tap patisipe nan segman Justice USA a nan mikwo Ronald Cesar.
Emisyon Justice USA sou Imigran Ozetazini ki sou Lis Depòtasyon
please wait

No media source currently available

0:00 0:06:28 0:00


XS
SM
MD
LG