Isit Ozetazini, imigran ki ranpli sèten fòmalite, kapab natiralize pou yo vin sitwayen ameriken. Konsa, yap genyen sèten dwa nan peyi a, tankou dwa pou yo vote nan eleksyon e dwa tou pou yo kandida pou pòs elektif.
Ki fòmalite yon imigran dwe ranpli pou l ka vin sitwayen ameriken? Avoka imigrasyon Larry Fleurantin, depi Miami nan eta Florid, te abode kesyon an nan yon entèvyou ak Lavwadlamerik nan mikwo Ronald Cesar nan segman espesyal Justice-USA a.
Avoka Larry Fleurantin te reponn kesyon Chèf Sèvis Kreyòl Lavwadlmerik la, Ronald Cesar.
Klike sou lyen odyo a pou w tande repons ak konsèy Mèt Fleurantin bay sou kesyon kijan pou yon moun vin sitwayen ameriken.