Accessibility links

Breaking News

Mwayen Oryan

Juif Toupatou nan Mond Lan ap Fè Fas ak Menas

Manifestan rele slogan pandan yon veye Kominote Juif la nan vil Lond, Anglete, 9 Oktob, 2023.
Manifestan rele slogan pandan yon veye Kominote Juif la nan vil Lond, Anglete, 9 Oktob, 2023.

Nan moman konfli ant Israel ak Hamas la rive sou 5èm jounen li, anpil Jwif nan mond la ap fè fas ak menas ke yo konnen deja: rayisman kont jwif, sa yo rele anti-semitism.

Soti New York pou ale Lond, soti St-Louis, Missouri, pou ale nan Sydney ann Ostrali, kominote jwif ap fè fas ak rayisman e ak prejije ki, anpil fwa, vire an vyolans nenpòt lè batay pete nan Mwayenn Oryan an.

Israel plonje nan yon kochma kote san ap koule depi samdi lè militan Hamas te lanse yon masak sipriz, kote militan touye pou piti mil Izraelyen, blese plis pase 2-mil lòt e pran yon afè 150 moun ann otaj.

Pandan ofansiv Hamas-la atire senpati pou Izrael, li deklannche yon pakèt menas sou entènèt kont Kwif, entimidasyon sou enstitisyon jwif, kote moun ap moutre senbòl kont Jwif yo.

See all News Updates of the Day

Trèv nan Gaza: Hamas Di li Vle Toude Pati yo Respekte Akò a

Israel Palestinians
Israel Palestinians

Hamas te deklare jedi li vle kontinye mete an aplikasyon akò trèv ak Izrayèl la, men sa depann si Izrayèl respekte obligasyon li yo tou.

Sepandan, gen yon blokaj sou pwochen echanj prizonye ki te dwe fèt samdi, sa ki menase trèv nan lagè a.

"Nou pare pou mete (akò a) an aplikasyon epi fòse fòs okipasyon an (Izrayèl) pou li respekte l nèt", se sa Abdel Latif al-Qanou, pòtpawòl mouvman islamis palestinyen an, te deklare nan yon kominike.

"Medyatè yo ap mete presyon (...) pou pwosesis echanj otaj yo rekòmanse samdi" nan bann Gaza, kote yo ta dwe echanje otaj kont Palestinyen ki fèmen nan prizon Izrayelyen yo, tèks la ajoute.

Gaza: Ejip Di Li Pral Prezante yon "Vizyon" pou Rekonstwi Gaza san Deplasman Palestinyen

Tents are erected outside the rubble of a collapsed building by the destroyed Sheikh Radwan Health Centre, run by the United Nations Relief and Works Agency for Palestine Refugees (UNRWA), in the north of Gaza City on February 10, 2025 amid the current ce
Tents are erected outside the rubble of a collapsed building by the destroyed Sheikh Radwan Health Centre, run by the United Nations Relief and Works Agency for Palestine Refugees (UNRWA), in the north of Gaza City on February 10, 2025 amid the current ce

Ejip planifye pou "prezante yon vizyon konplè pou rekonstriksyon" nan bann Gaza ki garanti Palestinyen yo rete sou tè yo, dapre ministè afè etranjè ejipsyen an madi swa.

Ejip "espere kolabore" ak administrasyon Prezidan ameriken Donald Trump sou kesyon an, apre li te di li ta ka kanpe èd yo bay Ejip ak Jòdani si yo refize kolabore ak plan li pou pran kontwòl bann Gaza epi deplase popilasyon an nan peyi yo.

Prezidan Ejipsyen an Repete li Kont Deplasman Palestinyen Gaza yo

Egyptian President Abdel Fattah al-Sissi chairs an Arab foreign ministers meeting during an Arab summit in Sharm el-Sheikh, South Sinai, March 29, 2015.
Egyptian President Abdel Fattah al-Sissi chairs an Arab foreign ministers meeting during an Arab summit in Sharm el-Sheikh, South Sinai, March 29, 2015.

Prezidan Ejipsyen an, Abdel Fattah al-Sissi, mande madi pou rekonstriksyon Gaza "san deplase Palestinyen yo," apre Donald Trump te di li ka sispann èd li bay Ejip ak Jòdani si peyi sa yo refize resevwa Gazawi yo.

Pandan yon apèl telefòn ak premye minis Danwa a, Mette Frederiksen, Sissi mete aksan sou "nesesite pou kòmanse rekonstriksyon Gaza (...) san deplase Palestinyen yo e nan yon fason ki prezève dwa yo pou viv sou tè yo," daprè yon kominike biwo li te pibliye.

Prezidan Ejipsyen an repete kreyasyon yon eta Palestinyen bò kote Izrayèl se "sèl garanti pou reyalize yon lapè dirab" nan Mwayen Oryan an.

Semenn pase a, pandan li te nan Washington ak Benjamin Netanyahu, prezidan ameriken an te deklare Etazini pral pran "kontwòl" Gaza pou rekonstwi li epi devlope li ekonomikman. Li te pwopoze pou Gazawi yo ta deplase Jòdani oswa Ejip.

Plan Trump lan te pwovoke gwo kontestasyon sou plan entènasyonal epi li te rejte pa Palestinyen yo, Jòdani ak Ejip, ki se pami pi gwo benefisyè èd ameriken an.

Malgre sa, prezidan ameriken an rete konvenki Jòdani ak Ejip ap fini pa aksepte resevwa Palestinyen yo.

"Mwen panse mwen ka fè yon akò ak Jòdani. Mwen panse mwen ka fè yon akò ak Ejip. Nou ba yo milya ak milya dola chak ane," Trump te di.

Lendi, ministè afè etranjè Ejip la te voye jete "nenpòt konpwomi" ki ta ka vyole dwa Palestinyen yo, sitou dwa yo genyen pou "rete sou tè yo," apre yon rankont ant chèf diplomasi Ejipsyen an, Badr Abdelatty, ak tokay ameriken li, Marco Rubio, nan Washington.

Konseye Sekirite Nasyonal Trump la Defann Plan Prezidan an pou Pran Kontwòl Gaza

Konseye Sekirite Nasyonal Trump la Defann Plan Prezidan an pou Pran Kontwòl Gaza
please wait

No media source currently available

0:00 0:02:15 0:00

Konseye pou Sekirite Nasyonal Etazini an, Mike Waltz, reponn kritik yo yè dimamch la sou plan prezidan Trump sigjere Etazini pran kontwòl teritwa Gaza a.

Trump di Palestinyen yo 'Pap Gen Dwa Tounen Gaza' Anba Plan Ameriken an

Prezidan Donald Trump pale ak jounalis yo abo avyon Air Force One, kote li siyen yon pwoklamasyon pou deklare 9 Fevriye Jounen Golf Amerik la, 9 Fevriye 2025.
Prezidan Donald Trump pale ak jounalis yo abo avyon Air Force One, kote li siyen yon pwoklamasyon pou deklare 9 Fevriye Jounen Golf Amerik la, 9 Fevriye 2025.

Prezidan Etazini Donald Trump di Palestinyen nan Gaza yo pap gen dwa tounen anba plan li genyen pou Etazini "pran kontwol" teritwa sa a ke lagè finn ravaje.

Sa kontredi sa lot responsab administrasyon Trump la ki eseye fè konprann prezidan an tap mande sèlman pou deplase pwovizwaman popilasyon Palestinyen an.

Mwenske yon semèn apre li te pale sou plan li pou Etazini pran kontwol Gaza epi fèl tounen "Kot d Azur Mwayèn Oryan an", Trump te deklare "non yo pap kapab", lè jounalis yo te mande l si Palestinyen Gaza yo ap gen dwa tounen sou teritwa a.

Trump fè komantè sa yo pandan yon entèvyou ak jounalis FOX News Bret Baier, ke rezo televizyon an ap difize Lendi.

Load more

XS
SM
MD
LG