Accessibility links

Breaking News

Opinyon Prezidan Ayisyen Jovenel Moïse: Sa Eskandal Lèd Oxfam nan Revele Konsènan Asistans ak Pouvwa Ann Ayiti


Prezidan Ayisyen Jovenel Moïse-foto achiv.
Prezidan Ayisyen Jovenel Moïse-foto achiv.

Men yon opinyon Prezidan Ayiti a Jovenel Moïse pibliye sou eskandal Oxfam nan nan jounal ameriken Washington Post nan dat 23 fevriye 2018

Tankou anpil moun tande l deja pou kounye a, gen alegasyon ki parèt konsènan anplwaye òganizasyon byenfezans britanik Oxfam ki ta komèt eksplwatasyon seksyèl sou fanm ki vilnerab, e byen posib sou ti fi tou, nan plizyè kominite yo te vini pou ede ann Ayiti apre tranblemanntè 2010 la. Gen nouvèl ki fè konnen anplwaye Oxfam yo te òganize an 2011 yon fèt pou pran 'plezi seksyèl' e yo te anboche pwostitye, epi yo te swa fè presyon swa entimide anplwaye ayisyen ki touche yon ti salè nan Oxfam, tankou chofè, pou yo patisipe. Prezidan ayisyen an di nou aprann tou direktè rejyonal Oxfam nan te enplike nan zafè sa a e sanble li ta mele nan yon bagay menm jan an nan peyi Chad, sa gen kèk ane, o lye yo te revoke l, yo te voye l nan yon lòt peyi pou l jere aktivite òganizasyon an - lòt peyi sa a, se Ayiti.

Lè responsab Oxfam yo te vinn konnen sa k pase ann Ayiti a, yo pa t enfòme ni gouvènman ayisyen an ni lapolis peyi a. Yo pa t enfòme tou donatè ki finanse aktivite Oxfam yo, epi òganizasyon an sèvi ak lajan taks donatè etranje yo pou l peye salè predatè seksyèl yo. Menm aprè Oxfam vinn okouran aksyon youn nan direktè l yo te komèt yon dezyèm fwa, yo pa t revoke l - yo te pèmèt li bay demisyon l, konsa, yo te prezève avni karyè li. Fason Oxfam regle zafè a pèmèt direktè sa a jwenn travay nan yon lòt òganizasyon, epi sa lakoz zòt fè-fas ak risk.

Oxfam diskite ke li te kache enfòmasyon sou eskandal la, sepandan nou pa okipe nou de semantik. Isit ann Ayiti, nou konnen sa k pase a ekzakteman, nou konnen kijan yo jere l, e nou konnen tou pou kisa.

Nou konprann ke yo te dekouvri yon anplwaye ajans la kap trete Ayiti tankou lakou rekreyasyon ilegal li, kote l komèt krim seksyèl, epi yo prese retire nan peyi a moun ki komèt zak sa yo san yo pa menm alète lapolis ayisyen oubyen sèvis pwoteksyon sosyal, alòske se dwa absoli yo pou entèvni nan kalte sitiyasyon sa yo. Abi a fèt sou tèritwa ayisyen, se sitwayen ayisyen ki sibi li, epi se lwa ayisyen yo vyole. Sa ka siprann kèk moun lè yo aprann, nan yon ka konsa, se otorite ayisyen ki an chaj, menm lè moun ki vyole lalwa a se blan ki gen privilèj, e ke moun ki viktim nan se nwa ki defavorize.

Nou konprann e nou familye ak senaryo sa a paske pwoblèm nan pi gro pase Oxfam, e li menm pi laj pase abi seksyèl travayè imanitè komèt la. Donk, an nou pran "moman Oxfam nan", move moman jijman sa a, pou nou reflechi sou pi gwo imaj la.

Paradigme jeneral asistans ak pouvwa ann Ayiti e nan peyi anvwaddevlopman yo, se pa yon bagay ki balanse. Trè souvan, ajans ou òganis kap bay èd yo e ki refize siveyans lè yap pouswiv pwòp pwogram devlopman ak pwogram imanitè yo nan peyi nou an mete gouvènman nou an sou kote. Nivo ak direksyon asistans la pran, ansanm ak enplemantasyon li trouve yo sou kontròl fòs donatè yo e yo pran tikras ide oubyen yo pa pran okenn ide nanmen gouvènman Ayiti a oswa lòt moun ou antite nan peyi a ki gen enterè nan sa.

Anba konfigirasyon sa a, gen plizyè milya dola nan lajan asistans etranjè ki gaspiye nan pwojè devlopman ann Ayiti e atravè lemond, paske evalyasyon pwojè sa yo depase limit epi jesyon yo pa efikas.

Li klè ke gen bagay ki bezwen chanje. Koupe asistans la, sètènman se pa respons la, epi se yon ti kantite moun ki kwè se tap solisyon efikas la oubyen solisyon responsab la, sof kèk valè aberan ideolojik. Depi plizyè dizèn ane, gouvènman peyi kap bay èd yo gide pa yon senpati remakab pou sa yo kap soufri lòtbò frontyè peyi sa yo, e pi resamman, gouvènman sa yo konprann tou asistans la tankou yon mwayen pou gen sekirite ak stabilite global. Ayiti bezwen apwi kominote entènasyonal la pandan lap travay pou stabilite ekonomik e finalman pou tip pwosperite nasyonal kap rann nou otonòm. Epi nou rete vrèman rekonesan anvè ni kontribyab ak desidè yo ki kontinye rann apwi sa a posib, ni pakèt travayè imanitè ki gen bon entansyon yo e ki devwe.

Sepandan, kounye a gouvènman nou an dwe dirije asistans la. Pou lajan taks kap soti a letranje yo byen depanse, òganizasyon miltilateral yo, òganizasyon kap bay èd yo, ak òganizasyon non gouvènmantal yo (ONG yo) fèt pou yo ranplase kontwòl sengilye sou planifikasyon ak ekzekisyon èd la pa yon strikti kote pwojè sa yo ap aliye ak priyorite gouvènman an e pou gouvènman an gen kontwòl sou enplemantasyon yo. Lè yo amelyore kesyon pou kite peyi a dirije direksyon èd la ap pran, sa ap ranplase rezilta ki dire yon ti bout tan oswa rezilta inik pa rezilta dirab pou anpil tan, epi sa ap redwi diplikasyon efò yo ant divès òganis. Anplis, anyen pa Kapab pi ogmante responsablite pwòp enstitisyon Ayiti yo pase travay ansanm avèk donatè yo yon fason ki bay opòtinite pou ranfòse sistèm jesyon gouvènman an e sa ap fè enstitisyon nou yo trè sansib ak bezwen donatè yo, menm si ta gen risk pou pèdi kèk resous enpòtan.

Depi plizyè dizèn lane, malgre yon èd etranjè abondan, Ayiti ap lite nan yon sikl lamizè ak soudevlopman. Sepandan, sa ka chanje - asistans sa a kapab soti nan lajan depanse pou ale nan lajan byen depanse. Nou deja prouve ke nou kapab redwi kou yo e fè travay la. Ane ki pase a, gouvènman an te lanse plizyè pwojè enfrastrikti, ladan yo genyen youn ki bay branch lokal depatman travo piblik la ekipman pou l ka fè kèk rout. Epi pwojè yo te acheve pou yon fraksyon nan pri elve kèk lòt group ki te sòt lòt kote te mande lè yo tap konstwi rout sa yo avan sa.

Nou konnen ekzakteman sa nou bezwen pou peyi nou devlope, pou l vinn pi otonòm, pou l sispann depan sou asistans. Pa ekzanp, Ayiti pa gen yon rezo elektrik nasyonal. Si nou pa kapab bay elektrisite 24 sou 24 toupatou nan peyi a, ekonomi nou an pap janm ka grandi, e nou pap janm fè pwogrè. Sa se yon domèn enpòtan kote nou bezwen fon etranje ni nanmen donatè yo ni nanmen envestisè yo. San rezo elektrik la, tout asistans ap tanporè epi tout pwogrè yo pral pasaje.

Nou konnen ki kote nou bezwen rive, e nou konnen kijan pou n rive la.

Ayiti bezwen devlopman ki reyèl e kap dire. Epi, toutotan peyi nou an ap byen devlope epi ekonomi nou an vinn ranfòse, genyen plis nan kominote nou yo ki pral soti nan lamizè - sa vle di pral gen mwens endividi kap fè-fas ak risk, tankou fanm ki te jwenn risk anba men pèsonèl Oxfam nan. Pandan nap chèche pou gen kont ki rann pou sa k te pase an 2011 la, nou dwe chèche an menm tan solisyon a lon-tèm e ki klè pou koz pwofon yo. Li pa sifi pou pini youn ou de endividi, oswa pou fè yon òganizasyon wont. Nou genyen yon sikl konplè pou nou kase pou moun ki vilnerab yo vinn otonòm.

XS
SM
MD
LG