Prezidan fransè a, Emmanuel Macron, rankontre ak kèk lòt lidè pandan jounen madi 12 desanm 2016 la, swa 2 zan jou pou jou aprè reprezantan 195 peyi te adopte Akò Pari sou Chanjman Klimatik yo –men fwa sa a se pou yo pale de lajan.
Nan lavèy Somè Pari a, obsèvatè yo ak patisipan yo lanse avètisman pou di, san yon kontribisyon 3 trilyon dola pou envesti nan efò pou gen enèji pwòp, objektif akò a –ki se kenbe rechochman global la a mwens ke 2 degre Celsius (swa 3 degre 6 Farenheit) pi wo ke nivo pre-endistriyèl la, ebyen objektif sa a pral rete yon rèv irreyalizab.
Direktris plan l’ONU pou lit kont Rechofman Planèt la, Patricia Espinosa, deklare: Aksyon politik sèlman “pap sifi si nou pa mete ajou epi relanse motè finansman global la, epi chache fè, avèk detèminasyon e san rete, efò kap bay yon devlopman dirab, men toujou ak yon nivo emisyon ki fèb.”
Apre adopsyon Akò Pari a an 2015 nan yon seremoni kote bravo te bat epi chanpay te koule --yon akò peyi yo te rive jwenn finalman gras ak konkou prezidan ameriken nan epòk la, Barack Obama-- ebyen, siksesè li a, Donald Trump, pwojte yon nyaj byen long sou pwosesis la ak desizyon li pran pou l koupe tout apui politik ak finansye Lèzetazini t ap bay.”