Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Agrikilti: Yon Nouvo Sant Jemoplas nan Grandans Pare pou l Distribye 600 Mil Plantil


Prezidan Jovenel Moise pandan vizit li nan Jeremi vandredi 31 mas 2017. Foto achiv.
Prezidan Jovenel Moise pandan vizit li nan Jeremi vandredi 31 mas 2017. Foto achiv.

Prezidan Jovenel Moïse vizite depatman Grandans lan pandan wikenn nan ki te samdi 11 dawout 2018 la. Prezidan an te nan komin Mafranc, ki a 16 kilomèt de vil Jeremi., kote li tap inogire yon sant Jèmoplas.

Sant Jèmoplas la se yon andwa yo prepare plantil. Objektif sant la se pou yo kapab rebwaze depatman Grandans lan pou pèmèt peyizan rejwenn ab fwitye yo, tankou : Zaboka, kokoye, lam veritab, mango, kafe, ak kakawo ki te disparèt pandan pasaj ouragan Matthew a.

Pou kounye a gen 600 000 ti pye bwa ki déjà prepare pou yo distriye. Prezidan Jovenel Moïse ki te pran lapawòl fè konnen li te pwomèt moun Mafranc Sant Jèmoplas la, jodi a men lap inogire l, e li te ankouraje tout moun pou yo rebwaze peyi a.

Plizyè otorite tankou: Depite Corail Wolf Papillon, Depite Pestel Ronald Etienne, depite Grandans Belisaire, minis Agrikilti, minis Anviwònman, .......avèk plizyè santèn moun te fè deplasman pou aktivite sa a.

XS
SM
MD
LG