Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Prezidan Jovenel Moïse Anonse Salè Minimòm nan Fikse a 350 Goud


Prezidan ayisyen an, Jovenel Moïse.
Prezidan ayisyen an, Jovenel Moïse.

Prezidan ayisyen an, Jovenel Moïse, mete devan nasyon jedi 27 jiyè 2017 la yon mesaj kote li anonse gouvennman an fikse salè minimòn nan pou ouvriye sektè sou tretans la a 350 goud, swa 15 goud an plis 335 goud Konsèy Siperyè Salè a CSS te pwopoze sa pa gen lontan.

Prezidan an fè anons la apre pouvwa egzekitif la te pibliye yon arete sou dosye a nan menm jounen jedi 27 jiyè a. Gouvènman an pran desizyon sa a nan moman sendika ouvriye yo menase pou yo oganize yon grèv manch long soti 31 jiyè pou rive 5 out 2017 la, pou egzije yon salè minimòm 800 goud ak lòt avantaj sosyal.

Chèf deta a envite sektè sendika a chache konprann desizyon egzekitif la e li mande ouvriye konsène yo pran pasyans nan moman gouvènman an ap travay sou amelyorasyon ekonomi peyi a. Yon manm sendika travayè yo ki pat pedi tan pou l rayiji, di li konsidere desizyon gouvènnman an an kòm yon pwovokasyon.

Pandansetan, sendikalis yo denonse desizyon kèk izin pran pou yo revoke plis pase 100 anplwaye grevis, yon revokasyon ki, dapre yo, vyole Konvasyon Oganizasyon Entènasyonal Travay la.

XS
SM
MD
LG