Prezidan ayisyen an, Jovenel Moïse, nan okazyon premyy anivèsè kòm alatèt peyi Dayiti fè yon deplwaman materyèl anjen lou sou plas Champs de mars la nan kad lansman Karavann chanjman li an nan Depatman Lwès la.
Prezidan Moise di nan okazyon an li pran angajman pou mete leta o sèvis pèp la. Lokatè Palè Nasyonal la nanyon konferans pou laprès nan sware madi 6 fevriye 2018, kote li fè konnen gouvènman li an rive reyalize anpil bagay pandan premye ane li sou pouvwa a, dapre yon repòtaj Ajans France Press (AFP). Prezidan Moise deklare:
“Nou rive fè anpil bagay nan peyi a malgre nou pa gen anpil resous nan men nou. Tout bagay se yon priyorite nan peyi a; donk li difisil pou w fè yon chwa.”
Lokatè Palè Nasyonal la reyafime pwomès li fè nasyon an lè li tap monte sou pouvwa a. Li site, pa egzanp, reyabilitasyon wout nan plizyè pwovens pandan ane 2017 la.
Pou sa ki gen rapò ak Karavann Chanjman an, Prezidan Moïse nansyl
syon sou pizyè kilomèt wout ki asfalte; konstriksyon sk kiraj plizyè kanal irigasyon.
Si prezidan an pa bay detay sou kantitie lajan Leta bay konpayi ki jwenn kontra pou yo ekzekite pwojè Karavann nan, li denonse pawòl kap di pa gen transparans nan pwojè sa a. Lidè ayisyen an di: “Karavann Chanjman an pa gen bidjè.”
Aloske bank santral peyi d Ayiti eksprime enkyetid li akoz yon defisi bidjetè ki rive jis nan nivo 78 milyon dola depi mwa doktòb 20017 la, tandiske valè goud la ki kontinye ap degringole.
Prezidan Moise ki tap reponn kesyon jounalis yo ki te reyini nan Palè Nasyonal la an prezans kèk manm kabinè ministeryèl la, li deklare:
"Anpil moun lye defisi bidgetè a ak “depans san kontwòl” gouvènman an ap fè san li pa respekte nòm yo, men mwen pa kwè se konsa sitiyasyon an ye vrèman. "
Konsènan jèn yo k ap pati kite peyi a pou yo alr chache lavi lòt bò dlo, prezidan ayisyen an di:
“Nou pral kontinye travay pandan manda nou an pou chèf deta kap vini apre nou an kapab jwenn yon Ayiti ki chita sou yon baz solid, yon fason pou peyi a gen kapasite pou l resevwa tout pitit li yo. Pou jenn yo pa pati, fòk yo genyen yon vizyon e nou mnem, nou dwe bati lavni.”