Accessibility links

Breaking News

Ayiti Sou Eta de Syèj apre Asasina Prezidan Jovenel Moise


Prezidan ayisyen an, Jovenel Moise, ki mouri asasinen nan kòmansman jounen mèkredi 7 jiyè 2021 an.
Prezidan ayisyen an, Jovenel Moise, ki mouri asasinen nan kòmansman jounen mèkredi 7 jiyè 2021 an.

Anbasadè ayisyen nan Washington, Brocchit Edmond, deklare: “Si manm kòmando sa a kapab asasinen prezidan yon peyi san yo pa reponn devan lajistis, yo ka repete menm aksyon an nan nenpòt ki lòt peyi a nan rejyon an.”

Ayiti twouve l anba yon eta de syèj, daprè sa Premye Minis pwovizwa a, Clude Joseph, anonse nan yon mesaj televize li mete devan nasyon an nan kòmansman jounen mekredi 7 jiyè 2021 an. Misye Joseph fè anons sa a kèk èdtan aprè yon gwoup nèg ame moun pa konnen te asasinen Prezidan Jovenel Moise nan rezidans prive li nan Pèleren, yon katye rich nan kapital la, Pòtoprens.

Premye Minis la fè konnen se li ki an chaj peyi a kounyela a e li enpoze lalwa masyal nan moman fwontyè Ayiti pataje ak Repiblik Dominikèn nan femen, menm jan ak ayewopò entènasyonal Pòtoprens la.

Reyaksyon La Mezon Blanch:

Prezidan ameriken an, Joe Biden, kondane atak sou Prezidan Moise la e li prezante kondoleyans li bay lafanmi Moise ak pèp ayisyen an nan yon deklarasyon La Mezon Blanch pibliye. Deklarasyon di:

“Nou kondane zak efrayik sa a e mwen swete sensèman ke Premye Dam nan, Madam Moise, rekipere l. Lèzetazini prezante kondoleyans li bay pèp ayisyen an,e nou rete pare pou n pote asistans nou pandan n ap kontinye travay pou yon Ayiti ki gen sekirite.”

Prezidan Biden, pandan li t ap pare pou l monte abò Marine One mèkredi 7 jiyè 2021 an.
Prezidan Biden, pandan li t ap pare pou l monte abò Marine One mèkredi 7 jiyè 2021 an.

Misye Biden di li konsidere atak sou Misye Moise la kòm yon “atak ki bay preokipasyon” e li ajoute “nou bezwen plis enfòmasyon” kòm reponns pou kesyon yon jounalis anvan li te monte abò elikoptè Marine One nan ki t ap mennen li nan Baz Andrews la mèkredi maten.

****************************************************************************

Reyaksyon Manm Kongre Ameriken an

Nan Washington, lidè Komisyon Afè Etranje Chanm dè Reprezantan an, depite repibliken Eta Tegzas Michael McCaul, pibliye yon deklarasyon kote li kondane asasina Prezidan Moise la e li lanse yon apel pou l mande yon ankèt. Nan deklarasyon sa a Misye McCaul di:

“Mwen kondane ak tout fòs asasina prezidan ayisyen an, Jovenel Moise, e mwen swete ke madanm li ki blese nan atak la rekipere rapidman. Fòk genyen yon ankèt total e konplè e se pou moun ki komèt asasina a reponn devan lajistis. Kondoleyans pou lafanmi Moise e pou pèp ayisyen an.”

Depite Repibliken Eta Tegzas, Michael McCaul.
Depite Repibliken Eta Tegzas, Michael McCaul.

Youn nan depite Eta Florid yo nan Kongrè ameriken an, Frederica Wilson, pibliye yon nòt kote li di asasina Prezidan Jovenel Moise la se yon veritab chòk pou li. Li vle sitwayen ayisyen yo konnen li kenbe yo nan priyè li ak panse li; l ap priye pou zak asasinay sa a pa plonje Ayiti nan plis dezòd toujou.

****************************************************************************

Reyaksyon Òganizasyon Nasyon Zini:

Prezidan Konsèy Sekirite Nasyon Zini an, anbasadè fransè Nicolas de Rivière, deklare konsèy la choke anpil-anpil akoz asasina sa a. Konsèy la pral reyini an prive jedi maten pou l fè deba sou devlopman sitiyasyon an.

Bò kote pa l, annbasadè Peyi Irland la, Geraldine Byrne Nason, ki t ap pale ak laprès, fè konnen: “Sa se yon moman grav. Nou tout te byen konnen sitiyasyon an sou teren an an Ayiti te sansib e difisil. Mwen panse se yon moman byen tris pou ayisyen yo e, san di pètèt, nou vle prezante apui nou pou pèp ayisyen an.”

Anbasadè Byrne fini pa di Konsèy Sekirite l ONU an pral diskite sou fason li kapab epiye pèp ayisyen an. N ap raple ke Oganizasyon Nasyon Zini genyen anviwon mil 200 manm pèsonèl k ap travay nan misyon politik li a an Ayiti.

******************************************************************************​

Reyaksyon ki Sòti an Repiblik Dominikèn:

Laprès nan Repiblik Dominikèn fè konnen Prezidan Luis Rodolfo Abinader konvoke an ijans prensipal manm wo kòmandman fòzame peyi a e li pase lòd pou otorite yo fèmen fwontyè avèk Ayiti a apre asasina lidè ayisyen an, Jovenel Moise.

Wo grade militè dominiken yo ap reyini avèk Misye Abinader pou yo deside ki aksyon pou yo pran apre sa k rive an Ayiti a plis konsekans asasina sa a kapab genyen pou Repiblik Dominikèn. Lidè dominiken an pase yon lòd ijan pou lame ranfòse vijilans militè a nan peyi a ak sekirite a nan zòn fwontye a.

******************************************************************************​

Nan yon konferans pou laprès anbasadè ayisyen nan Washington, Brocchit Edmond, bay nan mitan jounen mèkredi 7 jiyè a e ki te pase an dirèk sou Lavwadlamerik, li fè konnen otorite ayisyen yo mande asistans kominote entènasyonal la -sitou Lèzetazini- pou ede anketè k ap chache konnen kouman manm kòmando sa a te ka antre an Ayiti e, si yo deja kite peyi a, ki kote yo pase. Daprè diplomat la, si ayewopò entènasyonal Pòtoprens la fèmen, si otorite aviyasyon sivil yo di okenn avyon pa kite peyi a ni ateri ann Ayiti, sèl kote pou mesye yo pase pou yo kite Ayiti se sou fwontyè ayisyano-dominiken an.

Bocchit Edmond, anbasadè Ayiti Ozetazini.
Bocchit Edmond, anbasadè Ayiti Ozetazini.

Nan menm konferans pou laprès la, Misye Edmond di se tout peyi, tout gouvènman nan rejyon karayib la e sou kontinan ameriken an ki dwe kondane zak efrayik sa a. Li deklare:

“Si manm komando sa a kapab asasinen prezidan yon peyi san yo pa reponn devan lajistis, yo ka repete menm aksyon an nan nenpòt ki lòt peyi a nan rejyon an.”

Anbasadè a di avèk ensistans ke asasina Prezidan Jovenel Moise la montre nesesite pou Ayiti genyen yon fòs ame –yon bagay ke konstitisyon peyi a mande. Li raple ke manman-lwa Ayiti a prevwa egzistans “2 fòs sekirite: lapolis avèk lame.” Li ajoute: “Sepandan, malerezman, kominote entènasyonal la refize apiye lide kreyasyon yon fòs militè e konsa, lide sa a pa jwenn menm sipò ke Polis Nasyonal d Ayiti a.”

Misye Edmond raple ke kreyasyon fòs zame a te baze sou rekòmandasyon ki nan yon “liv blan” ki sòti nan yon sant fòmasyon militè entè-ameriken; konsa li pa ka konprann refi kominote entènasyonal la pou li apiye Ayuit nan demach sa a. Li di kareman se yon ipokrizi li pa ka konprann alòske tout lòt zile nan Karayib la genyen yon fòs militè akote yon fòs polis. Anbasadè a ensiste anpil sou pwen sa a paske, daprè sa l di, “si Ayiti te genyen yon lame pou siveye fwontyè li, omwens kòmando ki touye Prezidan Jovenel Mosie la pa t ap kapab antre e sòti nan peyi a fasilman konsa.”

Matiado Vilme ak Yves Manuel in Port-au-Prince, korespondan nan La Mezon Blanch Patsy Widakuswara, korespondan nan Kongrè ameriken an Katherine Gypson, korespondan nan Nazyon Zini Margaret Besheer te pote kontribisyon yo nan repòtaj sa a.

XS
SM
MD
LG