Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Politik: Prezidan Jovenel Moise Konvoke Depite yo nan Chanm Bas la Alekstraòdinè


Prezidan ayisyen an, Jovenel Moise, pandan li tap prete sèman nan Palman Ayisyen an 7 fevriye 2017.
Prezidan ayisyen an, Jovenel Moise, pandan li tap prete sèman nan Palman Ayisyen an 7 fevriye 2017.

Nouvèl ki soti nan kapital peyi Dayiti, Pòtoprens, fè konnen Prezidan Jovenel Moise konvoke alekstraòdinè Chanm Depite a pou madi 6 Juin 2017.

Dapre lalwa depite yo ap genyen pou abòde sèlman pwen "ordre du Jour" prezidan an voye bay Chanm bas la . Nan okazyon sa a depite yo pral abòde bidjè rektifikatif la .

Dapre yon manm biwo Chanm bas la, dokiman sou bidje rektifikatif la disponib pou tout depite yo. Pou le moman depite yo anvankas se poutèt sa yap prezan nan palman an sèlman pou reponn konvokasyon prezidan an.

Konvokasyon alekstrawòdinè a se yon prewogativ konstitisyonèl prezidan repiblik la genyen pou konvoke depite yo e se yon obligasyon pou palmantè yo tou pou reponn demand chèf leta a fè a.

Lòt nouvèl ann Ayiti:

Gouvènman Moise-Lafontant an lanse, lendi 5 jen 2017 la, sa otorite yo rele "les Lundis de la presse," yon rankont kote yon minis (pafwa se va Premye Minis la limenm), oubyen yon direktè jeneral, pral pale de aktivite yon enstitisyon kèlkonk nan leta a.

XS
SM
MD
LG