Accessibility links

Breaking News

Jounen Mondyal Dlo


Jounen Mondyal Dlo
Jounen Mondyal Dlo

Nasyonzini chwazi dat 22 mas la kòm dat moun selebre Dlo kote pou tout moun atravè lemond konsantre yo sou enpòtans yon vè dlo fre pou moun bwè. Tèm jounen mondyal dlo ane 2012 la se Sekirite Dlo ak manje. Omwen yon milya moun atravè lemond ap soufri anba grangou, yon fenomèn k ap agrandi ak kantite popilasyon mondyal la. Plis pase 70 pousan nan kantite dlo ki gen atravè lemond sèvi pou agrikilti.

Daprè yon espesyalis nan zafè dlo ki nan deptman deta ameriken an, Aaron Salzberg, gen 2.5% dlo fre ki disponib sa vle di dlo moun ka bwè. Nan yon prezantasyon li bay nan Lavwadlamerik, msye Salberg pale pou l di nan yon rapò Nasyon Zini pibliye, yo montre gen 800 milyon moun sou latè ki pa gen aksè ak dlo pwòp (dlo potab) men gen 3 fwa kantite sa a ki gen aksè ak dlo potab.

Yon lòt bagay ki konekte ak sitiyasyon dlo a atravè lemond se sanitasyon. Nan seten peyi sou kontinan afriken an, yon pakèt medam oblije kite lekòl lè yo rive nan laj pibète yo paske nan al cheche dlo nan larivyè pou yo pote lakay yo, yo mete tet yo an danje pou yo viktim vyolans seksyèl. Dlo afekte lavi plizyè moun atravè lemond, omwen 1 milya moun tonbe malad chak ane akoz yon maladi ki soti nan dlo, maladi sa yo pwovoke omwen 1 a 8.5 milyon lanmò chak ane e pami viktim yo se timoun ki gen mwens pase 5 an ki pi afekte.

Sitiyasyon politik nan yon peyi gen gwo enpak tou sou aksè manm popilasyon an pou l jwen dlo fre. Nan peyi tankou Zimbabwe kote dapre msye Salzberg, si lapli pa tonbe, nivo ekonomi an desann. Depi lapli pa tonbe li difisil pou peyizan yo kiltive latè pou pwodui manje e sa vinn afekte ekonomi peyi a.

Pandan popilasyon mondyal la ap ogmante, demann pou pi bon kontwòl nan resous dlo a nesesè pou kontinye gen aksè a dlo pou tout moun atravè lemond.

XS
SM
MD
LG