Accessibility links

Breaking News

Jounen Entènasyonal pou Sonje Olokost la


CTA0127 Anush Holocaust COVER
CTA0127 Anush Holocaust COVER

Nasyon nan tout Ewòp la make jedi Jounen Entènasyonal pou Sonje Olokost la, yon evènman mondyal ki make souvni viktim olokost la yo.

Se nan mwa Novanm 2005 Asanble Jeneral l-ONU an te tabli seremoni souvni sa-a ki fèt chak ane. Yo te chwazi 27 Janvye paske sete jou an 1945 ke twoup sovyetik-yo te libere kan konsantrasyon Auschwitz-Birkenau a nan peyi Polòy.

Premye-Minis franse Jean Castex te pami moun ki te patisipe nan seremoni-yo nan ansyen kan konsantrasyon Almay Nazi nan 2èm Gè Mondyal la, pou sonje 1 milyon 100 mil Jwif ke Nazi-yo te touye la-a.

Nan Bèlen, prezidan palman Israel -la, Knesset la, Michael Levy, te mete ansanm ak Chanselye alman Olaf Scholz ak Prezidan Almay la Frank-Walter Steinmeier pou depoze bouke klè nan Moniman pou Jwif ke yo te asasinen ann Ewòp yo. Apre sa nan seremoni yo, Levy te fè diskou devan chanm depite nan palman Almay la, Bundestag la.

XS
SM
MD
LG