Accessibility links

Breaking News

Lèzetazini Kondane Atak sou Laprès ak Vyolasyon Dwamoun an Ayiti


Anbasad amerikèn nan PAP di: “Lanmò yo ak ensekirite jeneral la, ki se rezilta vyolans gang yo koze, bay Lèzetazini gwo enkyetid. Pandan twò lontan vyolans, koripsyon ak enpinite anpeche Ayiti reyalize objektif devlopman l yo e sa anpeche pèp ayisyen an konkretize aspirasyon li pou yon lavi  miyò.”

Pòtoprens, 30 Jen 2021 (Reuters) –

Nan jounen mèkredi a (30 jen 2021), Lèzetazini kondane sa li prezante kòm yon vyolasyon sistematik dwamoun, libète fondamantal yo e kòm yon seri de atak sou laprès an Ayiti, pandan li bay gouvènman an konsèy pou l konbat ogmantasyon kantite gang yo ak zak vyolans yo.

Zak vyolans yo ogmante anpil nan peyi karayib pòv sa a nan moman gang rival ap batay antre yo e kont lapolis pou kontwòl lari yo, pandan yo oblije plizyè milye moun kite zòn kote yo t ap viv yo alòske yo fè kriz imanitè a vin pi grav.

Nan sware madi a, 15 moun pou pi piti pèdi lavi yo anba koutzam nan sa k sanble ak zak revanj pou asasina Guerby Geffrard, yon polisye sendike, daprè sa direktè jeneral Polis Nasyonal d Ayiti (PNH), Léon Charles, fè konnen nan yon konferans pou laprès. Pami moun ki mouri yo gen 2 jounalis.

Anbasad amerikèn nan Pòtoprens di nan yon nòt li pibliye sou Twitter: “Lanmò yo ak ensekirite jeneral la, ki se rezilta vyolans gang yo koze, bay Lèzetazini gwo enkyetid. Pandan twò lontan vyolans, koripsyon ak enpinite anpeche Ayiti reyalize objektif devlopman l yo e sa anpeche pèp ayisyen an konkretize aspirasyon li pou yon lavi miyò.”

Daprè òganizasyon dwamoun yo, tankou Sant pou Analiz Dwamoun –yon gwoup ki pa la pou l fe pwofi-- pouvwa gwoup ame yo pa sispann ogmante an Ayiti nan ane ki pase yo akoz dezòd politik, yon povrete ki pa sispann gwosi mete sou enpinite.

Eleksyon ki fikse pou mwa septanm pwochen an byen kapab reprezante yon faktè nan ogmantasyon a-pik zak vyolans moun ap konstate depi kèk jou kont enstitisyon polis la, ki pa ekipe pou l fè fas kare ak manm gang yo ki rive jwenn zam ki pi sofistike pase PNH.

XS
SM
MD
LG