Accessibility links

Breaking News

Jounal The Washington Post Revele Oussama bin-Laden Te Gen Pwojè Asasinen Pdt.Obama


Wuin kay kote kòmando ameriken touye bin-Laden nan mwa me 2011 la nan Abbottabad, Pakistan.
Wuin kay kote kòmando ameriken touye bin-Laden nan mwa me 2011 la nan Abbottabad, Pakistan.

Yon gwo jounal ameriken, The Washington Post, rapòte lidè Al-Qaida a, Oussama bin-Laden, te pase fidèl li yo lòd asasinen prezidan ameriken an, Barack Obama ak jeneral David Petraeus, ansyen kòmandan twoup ameriken yo nan Afghanistan.

Atik sa a, ki parèt nan The Washington Post anba plim jounalis David Ignatius, fè konnen responsab ameriken yo dekouvri konplotay la nan dokiman yon kòmando Lèzetazini te sezi nan rezidans Oussama bin-Laden tap viv nan Abbottabad, Pakistan, apre eliminasyon lidè al-Qaida nan mwa me ane 2011 .

Bin-Laden ekri nan dokiman jounalis la site a:"touye misye Obama pral pèmèt vis-prezidan Joe Biden monte sou pouvwa--yon eleman, dapre bin-Laden, ki "pa prepare ditou" pou plas-la".

Moun chèf rezo al-Qaida te pwopoze pou akonpli misyon asasinen prezidan ameriken an, se teworis Ilyas Kashmiri. Kashmiri pèdi lavi li nan mwa jen ane pase nan yon atak avyon san pilòt Lèzetazini. Otorite ameriken ki analize dokiman an di pa genyen okenn endis ni evidans ki montre al-Qaida te koumanse ou te pare pou l egzekite operasyon sa a.

XS
SM
MD
LG