Accessibility links

Breaking News

Jou du Souvni Ozetazini


Prezidan ameriken an Barack Obama k ap onore sòlda sila yo ki pèdi lavi yo nan gè pou Etazini
Prezidan ameriken an Barack Obama k ap onore sòlda sila yo ki pèdi lavi yo nan gè pou Etazini

Ameriken yo ap obsève wikenn sa a pou rive lendi 30 mas 2011 la , Memorial Day, Jou du souvni .

Se okazyon pou onore sila yo ki te pèdi la vi yo nan lagè nasyon an ak anpil seremoni, parad, aktivite spòtif ak pinik.

Yo chwazi dènye lendi mwa me chak ane pou make Memorial Day a. Se yon lè yo mete flè sou tonm sòlda yo e yo onore fanm ak gason ki bay vi yo nan sèvi peyi yo.

Nan simityè nasyonal Arlington nan, tou prè Washington e nan anpil lòt simityè atravè peyi a, volontè al mete ti drapo sou chak tonm manb lame yo.

Plizyè milye motosikliss ki soti nan yon gwoup ki rele “Rolling Thunder” nan tout Etazini mete sou pye yon defile motosiklèt nan Washington pou atire atansyon sou pwoblèm ansyen konbatan yo e pou fè moun sonje sòlda ki disparét nan lagè yo.

Minis defans Etazini an Robert Gates ak Amiral Mike Mullen gen pou yo pale ak gwoup sa a.

XS
SM
MD
LG