Accessibility links

Breaking News

Sekretè Jeneral l ONU an Chwazi Diplomat Amerikèn, Josette Sheeran, Kòm nouvo Anvwaye Espesyal li ann Ayiti


Josette Sheeran, nouvo Anvwaye Espesyal Nasyon Zini an ann Ayiti.
Josette Sheeran, nouvo Anvwaye Espesyal Nasyon Zini an ann Ayiti.

Daprè yon nòt ki sòti nan Biwo Potpawol Oganizasyon Nasyon Zini an nan New York, madi 20 jen 2017 la, Sekretè Jeneral l'ONU an, Antonio Guterres, chwazi diplomat amerikèn Josette Sheeran kòm nouvo anvwaye espesyal li nan peyi d Ayiti. Men kèk ekstrè nan anons ofisyèl la:

"Nominasyon sa a konte anpil sou gwo eksperyans Miss Sheeran genyen nan Nasyon Zini, mete sou travay imanitè li te fè nan peyi d Ayiti. Kòm anvwaye espesyal, se Mis Sheeran ki pral pran tèt mis-zan-aplikasyon nouvèl apwoch l'ONU pou diminye efè maladi kolera a ann Ayiti, epi apiye efò kap fèt a travè tout peyi a pou egzekite plan Ayiti genyen pou l atenn yon devlopman dirab anvan fen ane 2030.

Apwoch tou nèf vizavi Kolera a genyen ladann 2 branch: Obektif premye branch la se entansifye efò kap fèt pou redui- e bout pou bout elimine nèt-- transmisyon kolera, amelyore aksè ak swen sante ak tretman, epi poze pwoblèm a lon-tèm Ayiti ap konfwonte nan domèn disponiblite dlo, sanitasyon, ak lòt difiklite sistèm swen sante a ap travèse. Tandiske 2èm branch la genyen ladan n: devlopman yon plan global ki ofri asistsans ak apui materyèl pou Ayisyen sa yo ki sibi pi dirèkteman konsekans kolera a.Pami travay imanitè Mis Sheeran te fè ak Ayiti, genyen le fèt ke li te sèvi kòm Sou-Sekretè Deta Lèzetazini nan lane 2016, li te vizite Ayiti pou l te fè pwomosyon pou devlopman ekonomik peyi a, epi li te evalye efikasiste travay Nasyon Zini nan wòl li kom manm yon panèl wo-Nivo l'ONU ki tap tavay sou refòm nan asistans imanitè ak apui au devlopman.

Pou le moman, Mis Sheeran se prezidant ak Direktri Egzekitiv yon òganizasyon ki rele “Sosyete Azi.” Anvan li te okipe pozisyon sa a, li te travay kom vis-prezidant' Fowom Ekonomik Mondyal la ant 2012 e 2013, epi kòm Direktrris Egzekitive Ajans Nasyon Zini ki rele PAM nan (ou Pwogram Alimantè Mondyal) -posizyon li te okipe ant 2006 e 2012.

Sete ekstrè yon nòt ki sòti nan Biwo Potpawol Oganizasyon Nasyon Zini an nan New York, madi 20 jen 2017 la, e ki anonse Sekretè Jeneral l'ONU an, Antonio Guterres, chwazi diplomat amerikèn Josette Sheeran kòm nouvo anvwaye espesyal li nan peyi d Ayiti.

XS
SM
MD
LG