Accessibility links

Breaking News

Jon Batiste Vannen Konpetisyon an ak 11 Nominasyon pou Pri Grammy


Jon Patiste pandan festival mizikal Austin City Limits la, Dimanch 10 Oct. 2021 nan vil Austin, eta Texas.
Jon Patiste pandan festival mizikal Austin City Limits la, Dimanch 10 Oct. 2021 nan vil Austin, eta Texas.

Atis Ameriken Jon Batiste fè tout moun sezi lè li ranpote 11 nominasyon pou pri Grammy. Batiste ranpote yon pri Oscar sa pa gen lontan e li resevwa anpil akolad pou albom ni an "We Are" epi chante "Freedom" ki fèt nan stil mizik Nouvel Orleyan.


Justin Bieber, Doja Cat epi H.E.R. pran dezyèm pi gwo kantite nominasyon - swa 8 yo chak. Nap raple ke pri Grammy a se pri pi prestije yon atis ka resevwa nan domèn mizikal la Ozetazuni.

Billie Eilish ak Olivia Rodrigo yomenm ranpote 7 nominasyon yo chak.

Lot atis ki fè tout moun sezi ane sa a se The Weeknd ki resevwa 3 nominasyon apre li te deklare li patap kite konpayi mizik lia soumèt mizik li pou pri. Pi bonè nan ane a li te akize Grammy yo dèske yo koronpi apre li pat pran okenn nominasyon an 2020.

Seremoni remiz pri Grammy a pral dewoule 31 Janvye 2022.

Enfomasyon pou repotaj sa a soti nan Associated Press

XS
SM
MD
LG