Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Etazini: Minis Sekirite Teritoryal Etazini an, John Kelly, Chita Pale ak Prezidan Jovenel Moise nan Palè Nasyonal


Minis Sekirite Terititoryal Etazini John Kelly (agoch) ak Prezidan ayisyen an Jovenel Moise pandan yon konferans pou laprès nan Palè Nasyonal la nan Pòtoprens, Ayiti, 31 me, 2017.
(Foto: AP/Dieu Nalio Chery)
Minis Sekirite Terititoryal Etazini John Kelly (agoch) ak Prezidan ayisyen an Jovenel Moise pandan yon konferans pou laprès nan Palè Nasyonal la nan Pòtoprens, Ayiti, 31 me, 2017. (Foto: AP/Dieu Nalio Chery)

Minis Sekirite Teritoryal peyi Etazini a, John Kelly, fè yon vwayaj kèk èd tan ann Ayiti mèkredi 31 me 2017 la kote li rankontre ak chèf deta peyi a, Jovenel Moise nan Palè Nasyonal la pou diskite sou kowoperasyon entènasyonal ant 2 peyi yo ak sou dosye Stati pwoteksyon Tanporè a (TPS) pou imigran ayisyen kap viv Ozetazini e ki te deja genyen l yo.

Apre rankont la, prezidan Jovenel Moise te pale ak laprès sou dosye Stati pwoteksyon tanporè a (TPS). Mesye Moise fè konnen gen yon lwa palmantè ameriken yo gen pou vote avan fen ane 2017 la sou kesyon TPS la. Li ajoute lap suiv pou l wè nan ki sans vòt la prale.

Klike sou lyen odyo a naba tèks la pou w tande deklarasyon Prezidan Jovenel Moise la.

Deklarasyon Prezidan Jovenel Moise apre rankont li ak Minis Sekirte Teritoryal Etazini an John Kelly
please wait

No media source currently available

0:00 0:01:30 0:00

Mesye Kelly bò kote pal deklare: " Yon mo enpòtan nan Stati Pwoteksyopn Tanporè a (TPS) se mo "Taporè" ki montre ke staiti sa a pa san limit.

Klike sou lyen odyo ap pou w tande deklarasyon Minis Sekirite Teritoryal Etazini an, John Kelly.

Dekalrasyon Minis Sekirite Teritoryal Etazini an John Kelly.
please wait

No media source currently available

0:00 0:01:21 0:00

Yon jounalis ki pale anglè te poze Mesye Kelly yon kesyon pou mande l kijan l reponn kritik kèk moun fè sou li lè yo di vizit li fè ann Ayiti a twò kout e ke li pat gen ase tan pou l wè yon seri de zòn ki domaje. Minis Kelly reponn pou l di: "Moun ki fè kritik sa yo pa konn sa yap di a, paske li te vizite Ayiti deja pandan plis ke 10 fwa." Mesye Kelly ajoute: " Gras ak pakèt vizit li deja fè ann Ayiti yo, li familye ak sitiyasyon peyi a."

XS
SM
MD
LG