Accessibility links

Breaking News

Etazini-Politik : Repons Pati Demokrat la pou "Diskou sou Eta Inyon an"


Depite Joe Kennedy III -- ki gen 37 lane- ki t ap prezante repons Pati Demokrat la pou diskou President Donald Trump fè sou Eta Inyon an. Misye Kennedy te pran lapawòl nan oditoryòm Lise Rejyonal Diman nan vil Fall River, nan Eta Massachusetts, nan sware madi 30 janvye 2018 la aprè Prezidan Trump te fin prezante mesaj li a.
Depite Joe Kennedy III -- ki gen 37 lane- ki t ap prezante repons Pati Demokrat la pou diskou President Donald Trump fè sou Eta Inyon an. Misye Kennedy te pran lapawòl nan oditoryòm Lise Rejyonal Diman nan vil Fall River, nan Eta Massachusetts, nan sware madi 30 janvye 2018 la aprè Prezidan Trump te fin prezante mesaj li a.
Depite Demokrat Joe Kennedy, youn nan reprezantan Eta Massachusetts nan Chanm Bas Kongrè ameriken an, pat pase pa 4 chimen pou l pote repons pati minorite a bay mesaj sou Eta Unyon an prezidan Donald Trump prezante devan 2 chanm kongrè a reyini nan sware jounen madi 30 janvye 218 la.
Depite Kennedy di administrasyon Trump pa enterese nan lwa ki pwoteje nou, lwa ki kore prensip nou tout bezwen kòm pwoteksyon. Daprè li, plizyè milyon ameriken viv nan angwas, lapèrèz ak mekontant e yo fristre pandan premye ane manda prezidan Trump la.
Depite Joe Kennedy ajoute Prezidan Trump kreye yon sistèm jistis ki diminye respè pou dwa sivik kote otorite ki responsab pou aplike lalwa yo pa byen sèvi sitwayen ki pa blan yo, gason makomè yo ak medam monkonpè yo ak moun ki chanje sèks yo. Prezidan an simaye zizani nan mitan ameriken yo toupatou nan peyi a kote youn vin tounen rival lòt.
Depite Kennedy, ki te pran lapawòl nan yon lekòl teknik nan vil Fall River nan Eta Massachusetts, kontinye pou l di administrasyon Trump la lanse atak kont sa l rele “Pwomès Ameriken an” ki se kwayans ki fè nou konpran nou tout gen enpòtans, nou tout egal-ego e nou tout gen plas nou bò tab la.
Yon lòt foto Depite Joe Kennedy pandan li t ap prezante repons Pati Demokrat la.
Yon lòt foto Depite Joe Kennedy pandan li t ap prezante repons Pati Demokrat la.
Nan repons Pati Demokrat la pou mesaj Prezidan Trump sou Eta Unyon an, Depite Kennedy site nouvo slogan pati li a reprezante a – ki se “Yon pi Bon Akò” pou l atire atansyon sou dispozisyon Demokrat yo pran pou yo goumen pou travayè yo resevwa pi bon salè, jwenn pi bon swen sante pou ti moun yo, pou peyi a genyen yon sistèm edikatif ki abòdab, yon sistèm sante ki garanti swen pou tout sòt de maladi.
Pou sa ki gen rapò ak pwomès prezidan fè pou l rezoud pwoblèm anviwon yon milyon 800 mil jenn imigran ki te antre nan peyi a ak paran yo san dokiman legal pandan yo te tou piti, Depite Kennedy lanse yon mesaj ba yo pou l di yo:
<< Nou fè pati listwa Lèzetazini; nou menm Demokrat, nou pral batay pou nou; nou pap abandone nou. >>
Depite Joe Kennedy a fini respons Pati Demokrat la ak yon apèl pou l mande sitwayen ameriken yo pa pèdi lafwa, paske "Eta Unyon an pote espwa, li gen pèseverans ak andirans ladan n."
XS
SM
MD
LG